Jounen entènasyonal edikasyon : Fè lekòl an franse ann Ayiti se yon lòt fason pou n fèmen pòt edikasyon sou ti moun yo

24 janvye 2023

Sanble rezistans anti kreyòl sa a se konsekans pwolonjman Leta kolonyal la (« Lagrandyab » !) ki kontinye ap toupizi pèp souvren an. San n pa rann nou kont, itilizasyon franse nan lekòl ann Ayiti se yon lòt fason pou n fèmen pòt edikasyon sou ti moun yo ansanm ak mas pèp la.

Foto : Pierre Negaud Dupenor, 2018, nan kad pwojè LAC Reads/USAID.

24 janvye 2018 : Asanble Jeneral Òganizasyon Nasyon Zini vote dat sa a kòm jounen entènasyonal edikasyon. Objektif selebrasyon sa a se gade ki wòl edikasyon jwe nan lapè ak devlopman. Pou ane 2023 a, Òganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, Lasyans ak Kilti (UNESCO) dedye jounen an pou fanm ak ti fi nan peyi Afganistan.

Pou nou menm nan peyi d Ayiti, li enpòtan pou nou reflechi sou wòl ak fonksyonnman sistèm edikasyon an nan sosyete a : Konbyen ti moun ki gen aksè ak edikasyon ann Ayiti ? Ki kalte edikasyon yo resevwa ? Ki pwogrè ki rive fèt nan dosye edikasyon ann Ayiti nan dènye lane sa yo ?

Daprè enfòmasyon ki disponib sou sit UNESCO a, anviwon 244 milyon ti moun ak jèn pa jwenn edikasyon nan monn lan. San di petèt, sa montre zafè aksè edikasyon an se yon pwoblèm ki poze tout bon vre nan monn lan. Pwoblèm sa a frape Ayiti tou.

Selon biwo Finansman Nasyon Zini pou ti moun (UNICEF) ann Ayiti, se 20% pami ti moun ki nan tranch laj 6 pou rive 11 lane ki pa frekante lekòl primè, epi se sèlman 60% pami sila yo ki gen 6 lane ki rive antre nan premye ane fondamantal. Ki donk, selebrasyon sa a se yon okazyon pou n reflechi sou meyè fason pou n rann edikasyon an aksesib pou tout ti moun, kèlkilanswa koulè po yo, klas sosyal yo, sèks yo, orijin yo. Men, tou, fòk edikasyon sa a se yon edikasyon ki gen nannan — ki vle di, fòk se pa yon lekòl tèt an ba, pou n reprann pawòl Pwofesè Iv Dejan (Yves Dejean).

Pou sa ki gen pou wè ak kalite edikasyon nan peyi a, li bon pou n gade enpak lekòl yo sou fason  ti moun yo vin entegre sosyete a. Fòk nou gade tou kontribisyon lang manman ti moun yo nan pwosesis sosyalizasyon sa a. Epi, tou, lang manman jwe yon wòl total kapital nan kalite edikasyon ti moun yo resevwa. Se depi Refòm Joseph C. Bernard nan lane 1982 Leta peyi d Ayiti pase lwa ki pou mete kreyòl la — sèl lang nasyonal nou — nan nannan sistèm ansèyman peyi a. E poutan, jouk jounen jodi a, malgre tout pwogrè ki fèt nan mouvman kreyòl la sitou nan dènye ane sa yo,  Leta pa ko janm rive aplike Refòm Bernard sa a ki mande pou ansèyman fèt an kreyòl. E poutan, Refòm Bernard sa a te chita sou fondasyon syantifik solid ki demontre ki jan lang matènèl ti moun yo se yon zouti ki nesesè pou aprantisaj tout kalite matyè — soti nan aprantisaj syans ak matematik rive nan aprantisaj lòt lang tankou franse, angle, panyòl…

Jounen jodi a, Minis Nesmy Manigat nan Ministè Edikasyon Nasyonal mande pou kreyòl la sèvi kòm lang ansèyman nan tout nivo klas epi li lanse yon inisyativ « Liv inik » an kreyòl pou ti klas yo.  Men, toujou gen rezistans kont sa. Gen moun ki kalifye desizyon Minis Manigat a kòm yon « coup d’état linguistique » ! Sanble rezistans anti kreyòl sa a se konsekans pwolonjman Leta kolonyal la (« Lagrandyab » !) ki kontinye ap toupizi pèp souvren an. San n pa rann nou kont, itilizasyon franse nan lekòl ann Ayiti se yon lòt fason pou n fèmen pòt edikasyon sou ti moun yo ansanm ak mas pèp la.

Konba pou edikasyon fèt nan lang zantray nou (lang manman ak papa) se yon konba ki la depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn. Malgre tout travay ki fèt nan sans sa a, malgre gen dispozisyon k ap pran nan lide pou edikasyon nan lang manman an rive ateri jan Minis Joseph C. Bernard te mande sa depi an 1982, se yon konba ki pa ko janm rive abouti. Jounen jodi a, toujou gen twòp otorite — ata otorite k ap feraye pami edikatè, doktè, palmantè, lengwis, jiris, aktivis ak defansè dwa moun ! — k ap plede mete kreyòl la an ba bòt lang franse. Mezanmi, vreman vre, èske se an FRANSE nou ka ofri ansèyman, konesans, lasyans, swen sante, jistis, respè dwa moun ansanm ak lòt sèvis fondamantal nan yon peyi kote se KREYÒL ki rele tout moun chè mèt chè mètrès ?

Nan yon lòt nivo, nou ka pale tou sou fason edikasyon ann Ayiti, ansanm ak lòt sektè nan sosyete a, pa sispann degringole nan dènye lane sa yo. Sa fè twò lontan depi koripsyon nan Leta ayisyen an ba lobedyans Lagrandyab vin kreye kokenn chenn enstabilite sosyal, politik ak ekonomik. Se kon sa, depi plis pase 5 lane, ensekirite ak dappiyanp politik ki pran ti moun yo ann otaj fè kalandriye eskolè a pa janm ka respekte. Sa ki vle di vin gen mwens jou lekòl pou ti moun yo nan yon peyi kote deja gen twòp ti moun ki pa ka al lekòl.

Se pa yon loray kale ! Lè n ap analize istwa edikasyon nan peyi a, nou ka obsève twazman Leta sou edikasyon tchovi yo. Soti nan yon gouvènman pase nan yon lòt, se mòde lage nan dosye edikasyon nan peyi a. Nou ka wè sa klè nan jan Ministè Edikasyon Nasyonal ap plede lave men siye atè nan mal konprann ki nan aplikasyon Refòm Bernard sa a depi 41 lane ! 

Nou ka gade lòt aspè dosye a ki gen pou wè ak pri lekòl prive yo ki reprezante anviwon 90% nan sistèm edikasyon an. Lekòl prive sa yo pa janm sispann ogmante pri lekòl yo, sa ki limite aksè a pi plis toujou. Nou ka mansyone tou salè pwofesè yo ki se youn nan gwo pwen fèb sistèm edikasyon an. Sa gen yon enpak negatif sou motivasyon anseyan yo nan sal klas yo. Si anseyan yo pa motive, l ap difisil pou elèv yo motive.

Jounen entènasyonal edikasyon, 24 janvye, se yon envitasyon pou tout aktè nan sistèm edikasyon an reflechi sou pwoblèm ki poze nan domèn sa a nan peyi a. Se yon jounen pou ranfòse batay pou nou rive bati yon lekòl tèt an wo nan yon peyi tèt an wo.

Biwo Kominikasyon Inisyativ MIT-Ayiti

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments