Resous sa a parèt nan seri : Lodyans
Pwofesè a mande elèv yo : « Pou ki sa n panse li t ap enpòtan pou yo ta pale de sèks ak elèv nan lekòl la ? »
Laissa Moïse, Jemima Morinvil & Paul Belony ; Ricarson Dorcé ; ak Charlot Lucien monte sou Platfòm MIT-Ayiti pou yo brase lide sou istorik, fonksyonnman ak enpòtans « Lodyans » nan sosyete nou.
Nan videyo ak tèks ki an ba la a, Laissa, Jemima ak Paul pataje yon ti pyès teyat (yon « skit ») kote n ka wè ki jan bèl deba ka fèt nan sal klas sou tematik ki enpòtan pou elèv yo. Nan skit sa a, lide ap fwote fwote youn ak lòt kòm ki dirè nou te nan mitan yon bèl lodyans. Skit sa a tou sèvi kòm egzanp pou montre ki jan yon pratik ki byen ankre nan kilti lakay ka ede elèv yo aprann fè deba pou chache verite. Se kalte deba sa yo ki ka kore aprantisaj aktif, lespri kritik ak kreyativite nan aprantisaj lasyans ak nan lòt aktivite dekouvèt.
Atik Ricarson Dorcé a se yon pledwaye ki mande pou pratik lodyans rive fasilite teknik kominikasyon ki ka ede lasyans manyen pi plis moun nan peyi a. Ki donk bay lodyans ka sèvi kòm teknik pou vilgarizasyon lasyans.
Nou ka tande Charlot Lucien, li menm, nan yon videyo kote l antre nan brase lide ak Laissa Moïse ansanm ak Jemima Morinvil pou l ban nou yon ti istorik sou konsèp « Lodyans » lan e sou enpòtans Lodyans pou lekòl tèt an wo. Charlot esplike fason lekòl yo ka sèvi ak Lodyans kòm tèks pou elèv yo analize nan sal klas. Daprè analiz Charlot, tèks lodyans yo ka ede elèv yo konprann sosyete a pi byen.
Yon egzanp sou teknik bay lodyans nan sal klas
An n fwote lide
pou n jwenn verite :
Teknik bay lodyans
ka sèvi lasyans
Nan senaryo a genyen :
Sèn lan : Klas la
Aktè yo : Yon pwofesè avèk 2 elèv.
- Pwofesè a : L ap kore divès pozisyon pami 2 elèv ki nan deba a
- Pwemye elèv la: L ap jwe wòl elèv ki kirye a, ki vle fouye zo nan kalalou nan tout kalte dosye e ki panse fòk lekòl la fè edikasyon sou sèks tou
- Dezyèm elev la : L ap jwe wòl elèv ki pa dakò pou edikasyon sou sèks fèt nan lekòl la
Sijè Lodyans lan baze sou :
Deba ant 2 pozisyon sa yo :
- Sèks dwe antre nan ansèyman nan lekòl ann Ayiti.
- Pa dwe gen edikasyon seksyèl nan lekòl ann Ayiti.
Entwo: Pwofesè a kòmanse yon leson ki pale sou etap ki gen nan lavi. L ap esplike klas la kòman yon ti bebe devlope tounen ti kat kat, pase nan adolesans epi antre nan gran moun. Pwemye elèv la, ki kirye anpil anpil, mande pwofesè a detay sou ki jan fi a vin tonbe ansent, ki jan ti bebe a rive fèt. Pwofesè a eseye kabre kesyon yo yon fason pou l pa antre nan sijè sèks avèk elèv yo epi l kontinye ak leson an apre li fin reponn kwochi.
- Pwofesè a : Ou poze yon bèl kesyon. Men, lè w rive lakay ou, mande manman w ki jan w te fèt.
- Pwemye elèv la : Li t ap enpòtan si yo te fè edikasyon seksyèl pou nou ni lakay, ni lekòl.
- Dezyèm elèv la reponn : Lekòl pa yon kote pou yo pale sou sèks ak elèv.
Pwofesè a, ki vle fouye zo nan kalalou, fèmen liv la epi li rale chèz li chita devan klas la. Li tou vire kou a sou sijè sèks la.
- Pwofesè a mande pwemye elèv la : Pou ki sa ou panse li t ap enpòtan pou yo pale de sèks ak elèv nan lekòl la ?
- Pwemye elèv la : Paske sèks fè pati de biyoloji kote nou ta dwe etidye tout sa k ap viv. Nou pa ka ap etidye sistèm repwodiktif pandan n ap iyore fonksyonnman sistèm sa a. Espesyalman nou p ap ka konprann tout etap ki nan lavi san nou pa pale sou sa ki deklannche pwosesis lavi.
- Dezyèm elèv la : (Ki kòmanse jennen devan sijè k ap debat nan klas la epi l reponn pwemye elèv la ak yon ton entoleran.) Pou ki sa ou pa al mande paran w pou yo aprann ou sou bagay dwòl sa yo ? Lekòl se kote pou nou aprann li ak ekri, se pa kote pou moun vin di betiz pou ouvri lespri elèv yo.
- Pwemye elèv la: (nan yon ton fawouch) Genlè paran w te fè yon bagay dwòl, wi, ki fè ou la jodi a !
Klas la tonbe ri. Gen kèk ladan yo ki tou pwofite ap souke tèt yo pou yo montre ke yo kanpe sou menm bit ak pwemye elèv la.
- Pwofesè a mande dezyèm elèv la : Pou ki sa ou panse edikasyon seksyèl se di betiz k ap ouvri lespri elèv yo?
- Dezyèm elèv la : Lè w ap pale de sèks ak elèv yo, sa ap ankouraje yo pou y al aprann fè sèks. Gen yon pwovèb ki di kon sa : « Ba yo yon dwèt, yo pral vle pran tout ponyèt la ».
- Pwemye elèv la : Sa vle di si yo kòmanse fè edikasyon seksyèl pou elèv yo nan lekòl la, sa pral ba w anvi al fè sèks ?
- Dezyèm elèv la : OH! NON NON NON JAMÈ!
- Pwemye elèv la : Ebyen, pou ki sa ou kwè lòt elèv yo pral fè sa ? Èske w panse ou ka pale ni pou mwen, ni pou lòt elèv yo ?
Klas la bat bravo pou sa pwemye elèv la di a. Ou ka tande yo k ap bougonnen an ba an ba pou apiye lojik premye elèv la.
- Pwofesè a : (ki genlè vle kore opinyon dezyèm elèv la) Pou ki sa ou panse elèv yo pral aprann fè sèks si yo pale avèk yo de sa ?
- Dezyèm elèv la : Paske jèn yo renmen fouye zo nan kalalou. Sèks ap louvri lespri yo sou bagay gran moun. Evite miyò pase mande padon.
- Pwemye elèv la : Genlè se sèl ou ki ti anj nan klas la !!
Tout klas la pete ri. Gen ladan yo ki leve kanpe bat bravo, gen lòt nan yo ki ta vle woule atè. Malerezman, yo pa lakay yo.
- Dezyèm elèv la : Se pa sa m vle di. Si sèks te si enpòtan ke sa yo t ap pale de sa avèk nou nan lekòl la.
Gen anpil elèv nan klas la ki dakò ak komantè sa a. Yo souke tèt yo pou yo di se vre lekòl la pa enterese pale sou bagay sa a.
- Pwemye elèv la : Mwen pa kwè se paske sèks pa enpòtan ki fè lekòl la pa pale de li. Si se ta sa, nou pa ta sipoze ap aprann sou etap lavi. Fòk yo ta entèdi biyoloji nan lekòl paske prèske tout sa k ap viv soti nan sèks. Epi tou pa bliye sèks se youn nan mwayen yon moun ka atrape SIDA.
Pwofesè a renmen apwòch pwemye elèv la epi li tou pwofite mete yon pwen sou sa paske se yon sijè ki enpotan anpil.
- Pwofesè a di yo: Wi, gen anpil maladi ou ka pran nan fè sèks — tankou SIDA. Men 2 egzanp pami plizyè lòt : Nou ka pran gonore (ekoulman) ki kapab enfekte gason tankou fanm. Li lakòz enfeksyon nan pati jenital, rektòm, ak gòj. Sa se yon enfeksyon ki kouran pami jèn moun yo. Epi tou, gen viris papilom imen. Li menm ki simaye pi fasil si n ap itilize vwa oral obyen anal. Viris sa a kapab transmèt menm lè yon moun ki enfekte pa gen okenn siy enfeksyon, paske w kapab vin gen sentòm yo plizyè ane aprè ou te antre nan relasyon seksyèl avèk yon moun ki enfekte.
- Pwemye elèv la reponn : Wi, mwen tande pale de maladi sa a ki rele gonore a. Li bay bouton ak demanjezon nan pati jenital moun nan.
- Pwofesè a di: Egzakteman. Men, se pa sèl moun ki gen gonore ki devlope sentòm sa yo. Gen sifilis, èpès, ak trikomonyas ki bay demanjezon ak kanal boule lè yon moun atrape yo nan fe sèks. Ki donk rete veyatif avèk maladi sa yo ki deyò a.
- Premye elèv la: (ki tou pwofite poze pwofesè a kesyon sou apwòch li a) Pou ki sa yo pa mete sèks nan plan edikasyon lekòl la? Èske se paske li pa nan kourikoulòm ofisyèl la?
- Pwofesè a: (reponn avèk onète) Edikasyon seksyèl deja nan kourikoulòm ofisyèl la. Gen liv ak plan leson ki disponib pou anseye elèv yo sou sa. Men, edikasyon seksyèl pa fèt nan lekòl la paske anpil pwofesè prefere fè silans sou li. Se pa tout pwofesè ki alèz pou yo pale de sa ak elèv yo. Se pa tout paran tou ki vle pou pitit yo konnen ki sa sèks ye. Epi tou, sèks la gen aspè santimantal ak aspè moral ladann ki koz gen lekòl ki pa vle pale de li. Gen lekòl ki konn pè pale de sèks paske yo pa ta vle pou sa kreye diskisyon kote youn ka ofanse lòt lè se pa tout elèv, tout anseyan ak tout paran ki wè sèks la menm jan. Mwen sonje, lè m te ti moun, mwen pa t fouti pale de sijè sa a ak gran moun paske se yon pawòl ki te ka parèt maledve nan je gran moun sa yo.
Pwofesè a kontinye pou l di : An n fè yon vòt nan klas la avèk 2 boutèy. Youn pou elèv k ap vote pou n fè edikasyon sou sèks nan plan edikasyon lekòl la, lòt la pou elèv k ap vote entèdiksyon kont edikasyon sou sèks nan lekòl la. Chak elèv ap depoze yon ti wòch nan boutèy nou chwazi a. Aprè sa, n ap konte valè grenn wòch ki nan chak boutèy pou n ka konnen ki sa majorite klas la chwazi.
Elèv yo dakò epi vòt la fèt; men, otè senaryo a pa konn rezilta a.
E ou menm, ki sa w panse ? Ki sa w ap vote ?
Èske w panse se yon vòt pami elèv yo ki dwe deside kesyon sa a ?