Resous sa a parèt nan seri : Istwa lakou a
« Tit ABITAN sa a ranmase tou sa Ayisyen fè pou tèt yo : yo kreye you lòt ras moun, yo envante peyi pa yo kote tout moun se moun. Nèg lavil annik chita, pwofite sa k pase a. » – Jean Casimir
Objektif Pwofesè Jean Casimir nan seri twòkèt sa yo se reponn kesyon fondamantal sou istorik pèp souvren an nan pwòp esperyans pèp souvren sa a kòm yon gwoup abitan ki gran moun tèt li. Twòkèt sa yo envite nou chache chay istwa ansyen nou yo depi Lafrik Ginen pase Sen Domeng rive Ayiti jounen jodi a. Chak nan twòkèt sa yo ap ede n fouye zo nan kalalou yon koleksyon konsèp ki enpòtan nan vokabilè kreyòl la. Depi lè ansyen yo kòmanse antre an kontak ak blan ewopeyen yo, lang kreyòl la vin ede yo entèprete pawòl otorite leta yo yon fason pou yo rive chape kò yo ak lespri yo an ba dominasyon kolonyal jis yo rive mèt tèt yo nan lakou kote tout moun se moun. Se pou sa nou pral fouye zo nan kalalou vokabilè kreyòl la. Pami konsèp sa yo nou pral analize nan twòkèt yo, n ap jwenn : « abitan », « malere », « nèg », « bosal », « blan », « ras », « moun », « kreyòl », « pouvwa », « leta », « kolon », « endepandans », « teknoloji », « klas mwayèn », « zanno kay òfèv », e latriye… Pawòl sa yo ak yon bann ak yon pakèt lòt ankò byen chita nan vokabilè kreyòl la e fòk nou byen analize yo, pandan n ap brase lide nan respè youn pou lòt, pou n rive konprann ki kalte moun nou ye. Ki donk, vreman vre, ti atik tou kout sa yo ansanm ak chita pale nan videyo ak Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) epi egzèsis nan koleksyon « Istwa lakou a » sou Platfòm MIT-Ayiti, tou sa se « twòkèt » la vre. Se nou menm, lektè yo, k ava pote chay la ki dèyè.
Abitan
Depi tout tan, pifò Ayisyen rele tèt yo « abitan » ou byen « moun an deyò ». M pa abitan, m pa elve an deyò nan yon fanmi abitan. Se efò m ap fè pou m wè si m a konprann ki sa abitan yo ye, kouman malere chwazi pou rele tèt yo « abitan ». Si pifò Ayisyen se abitan epi yo gran moun tèt yo, mwen p ap soti kote m soti a pou m vin di yo ki sa yo ye, ale wè pou m ta di yo ki sa pou yo ta fè. Yo toujou fè sa yo gen pou fè, san yo pa mande moun lavil konsèy !
Moun lakay mwen gen lè tabli nan bouk Bonè. Sa medam yo ban m kenbe, se mès bouk peyi a. Mès pwovens sa yo tou pre mès moun an deyò ; men, se pa menm bagay. Ki donk, nan chache konnen sa Ayisyen ye e ki kote yo prale, se pwoche pou m pwoche abitan pi plis toujou pou m aprann ki sa ki nan tèt yo. Se chache pou m chache ki bò ras mwen te mache lamen nan lamen avè yo.
Gen twa (3) chapit nan istwa d Ayiti ki pa ka separe : (1) Se ki sa blan vin chache lakay nou e ki sa li fè ak sa li rache nan men nou, ki pèmèt li, jis jodi a, kontinye toupizi nou ? (2) Kouman blan rive fè nou fè sa li vle nou fè a ? (3) Ki sa nou menm nou fè pou tèt nou, nan sikonstans n ap viv la ?
(1) An 1492, de twa blan panyòl debake ann Ayiti ak yon lo blan mannan. Yo te vini pou yo ranmase tout richès yo jwenn. Pi ta, kèk blan franse fòse blan panyòl yo ba yo yon tyè zile a epi yo tanmen plante danre. Yo kwape blan mannan, yo ba yo kèk avantaj pou yo ede yo fè nèg ki nan chenn (ke blan yo rele « esklav ») pwodui danre. Lè kantite esklav yo koumanse twòp pou blan mannan kontwole, gran blan yo lage kèk nan prizonye yo pou ede yo fè nèg ki nan chenn yo travay tè.
Se ak fòs ponyèt li blan mete men sou koloni a, se ak fòs ponyèt li li mete bitasyon sou pye, se ak fòs ponyèt li li kontwole travay malere. Li rele tèt li « abitan », menm lè li pa janm mete pye nan peyi a. Pase li di peyi a se pou li. Nan je gran blan, blan mannan ak esklav pa ka moun. Benefis gran blan fè se pou lakay li, Lafrans : se pou leta, lame, bèl kapital, bèl vil pwovens, inivèsite, tout kalite reyalizasyon. Otorite koloni a fonksyone pou pimpe benefis voye bay peyi Lafans.
(2) Istoryen nou yo pa ko ban nou detay sou kouman blan yo riv fè malere fè travay leta a ; se kòm si malere te fèt pou fè travay sa a. Yo pa realize sik k al ann Ewòp la chaje ak lavi yo, ak dlo nan je yo, ak san yo, ak tout chè nan kò nèg mawon chen devore nan bwa a. Malè malere bay bon siwo, bon sik pou dousi bouch blan franse, pou efase tout rezon pou blan ta konsidere tray yo fè malere pase. Blan wè sa l vle wè, li di sa l vle di, li santi sa l vle santi. Li pale de « sivilizasyon modèn », « wa solèy », « la noblès », « la repiblik », « pèl dè zantiy », « devlopman »… Pou ki sa malere chita ap gade sa k ap pase san li pa di kwik
Si blan depanse kòb li pou achte epi pou kontwole travay malere, se potorik gason ak potorik fanm l al achte. Se pa ti kat kat. Li bezwen gran moun enganm kòm esklav. Mete sou sa, fòk blan kache mechanste li : li fè moun konprann se sèvis l ap rann malere l ap estwopye yo. Tribilasyon nèg pase pou l rive bese tèt li, se bagay dyab pa fè lennmi. Epi se malere ki « sovaj ». Pase, kolonyalis ap simen « sivilizasyon » tout kote…
(3) Ou ta sipoze rezon ki fè blan fè nèg pase tout tribilasyon sa a, se pase nèg pa asepte li enferyè devan pè pap. Blan pèsiste fè yo pase tray, pase se sèl jan pou l oblije yo bese tèt yo. Pou nèg ki rive Sen Domeng toutouni kou vè tè, kanpe devan blan, jis tan blan sètoblije estwopye yo, sa montre yo makonnen kò yo ak malere parèy yo, malgre tout dispozisyon blan pran pou anpeche tèt ansanm sa a. Ki fè kèlkeswa pawòl ki sot nan bouch blan, yo konsyan ke, si yo pa gen fòs nan ponyèt yo, nèg ap kolte avè yo, kòm sa dwa.
Ki donk blan rive fè malere travay kon esklav ; men, li pa ka jwe nan tèt yo. Li pa rive donte nèg Ginen. Ane apre ane, l oblije achte plis malere pou l ranplase sa l touye oubyen sa l estwopye. Rezilta : koloni a toujou gen plis nèg « bosal » pase nèg « kreyòl ». (Konsènan pawòl « bosal » sa a nou fèk li a, fòk nou di kichòy sou mo « bosal » la ak mo « kreyòl » la paske mo sa yo konn gen plizyè sans. Nan paragraf sa a, mo « bosal » la vle di nèg ki fèt nan Ginen epi mo « kreyòl » la vle di nèg ki fèt nan Sen Domeng.)
Se kon sa, ti pa ti pa, nèg Ginen fin pran peyi a pou yo. Ti pa ti pa, yo negosye plis jou pou òganize jaden yo, okipe ras yo, jis yo rive mete men sou tout pawòl malere pale, soti sou bitasyon rive lavil. An 1791, malere an deyò rapousuiv batay la, jis yo rive mete blan deyò an 1803. Yo reyòganize peyi a epi yo pran tit « abitan » an pou yo. Tit sa a ranmase tou sa Ayisyen fè pou tèt yo : yo kreye yon lòt ras moun, yo envante peyi pa yo kote tout moun se moun. Nèg lavil annik chita, pwofite sa k pase a.
« Au premier coup de canon d’alarme, les villes disparaissent et la nation est debout. » (sa se atik 28 nan Konstitisyon 1805 Jean-Jacques Dessalines la). Tousen te di menm pawòl sa a depi an 1790 pou l te ka met Hédouville nan wòl li. Men, ou mèt chache nan tout lwa peyi a, ou p ap janm jwenn pawòl « moun an deyò » a, ni mo « abitan » an, ni mo « peyizan » an, ale wè pou mo tankou « lakou » ! Kote pawòl (dizon) malere pase ? Abitan genlè bèbè !
Tanpri, rete branche epi angaje. N ap kontinye brase lide nan pwochen atik yo.