Resous sa a parèt nan seri : Istwa lakou a
« Klas mwayèn lan vin gen 2 kalite pèsonaj : youn ki se tchoul Lagrandyab 100%, yon lòt k ap veye kouman pou l sèvi ak Lagrandyab, malgre repiyans li. Se kon sa Lagrandyab al pran yon panzou nan men nèg sa yo. » – PWÒF JEAN CASIMIR
Objektif Pwofesè Jean Casimir nan seri twòkèt sa yo se reponn kesyon fondamantal sou istorik pèp souvren an nan pwòp esperyans pèp souvren sa a kòm yon gwoup abitan ki gran moun tèt li. Twòkèt sa yo envite nou chache chay istwa ansyen nou yo depi Lafrik Ginen pase Sen Domeng rive Ayiti jounen jodi a. Chak nan twòkèt sa yo ap ede n fouye zo nan kalalou yon koleksyon konsèp ki enpòtan nan vokabilè kreyòl la. Depi lè ansyen yo kòmanse antre an kontak ak blan ewopeyen yo, lang kreyòl la vin ede yo entèprete pawòl otorite leta yo yon fason pou yo rive chape kò yo ak lespri yo an ba dominasyon kolonyal jis yo rive mèt tèt yo nan lakou kote tout moun se moun. Se pou sa nou pral fouye zo nan kalalou vokabilè kreyòl la. Pami konsèp sa yo nou pral analize nan twòkèt yo, n ap jwenn : « abitan », « malere », « nèg », « bosal », « blan », « ras », « moun », « kreyòl », « pouvwa », « leta », « kolon », « endepandans », « teknoloji », « klas mwayèn », « zanno kay òfèv », e latriye… Pawòl sa yo ak yon bann ak yon pakèt lòt ankò byen chita nan vokabilè kreyòl la e fòk nou byen analize yo, pandan n ap brase lide nan respè youn pou lòt, pou n rive konprann ki kalte moun nou ye. Ki donk, vreman vre, ti atik tou kout sa yo ansanm ak chita pale nan videyo ak Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) epi egzèsis nan koleksyon « Istwa lakou a » sou Platfòm MIT-Ayiti, tou sa se « twòkèt » la vre. Se nou menm, lektè yo, k ava pote chay la ki dèyè.
De (2) men klas mwayèn lan
Depi Lagrandyab trape nou nan Ginen, n aprann chita sou 2 chèz an menm tan : nou fè atansyon a sa Lagrandyab vle, epi nou degaje n kenbe respè tèt nou. Pou nou pare kou, fò n konnenn kote kou ap soti. An ba grif Lagrandyab, nou sèvi ak 2 men nou.
Pou Lagrandyab, libète se kado li fè n. Li separe moun Sen Domeng an twa : 1) kolon, ki se sèl kòk ki chante ; 2) afranchi, kèk restavèk kolon libere pou fè lapolis ; 3) nèg nwè ke komèsan kidnape e ki pa konte nan lasosyete. Afranchi vin bay sa nou rele « klas mwayèn ». Pifò se moun lavil, yo se konesè mès Lagrandyab. Pou chak dis nèg Ginen, pa gen yon afranchi.
Lagrandyab fabrike pifò afranchi ak men li, pou ede l toupizi malere epi miltipliye kantite malere li bezwen. Plis fyèl malere ap pete, plis lasosyete ap devlope. Plis klas mwayèn sa a ap byen mennen, plis pousantaj li ap vin piti devan rès popilasyon an ; donk, plis li bay baton pou l kenbe malere nan wòl yo.
Richès Lagrandyab sifonnen toudi nèg klas mwayèn. Pou klas mwayèn lan ka sanble papa l, li sispann pran ka malere. Li pito pa wè malere pi mizerab jou apre jou. Nen l pa ba l sant malsite ki anvayi tout kote ki peple ak pi malere pase l. Reyalite li, se rèv Lafrans fè pou li. Li alèz nan prizon sa a, e li pa rive wè dyab ap manke l dega chak jou ki jou. Ki donk, lavi klas mwayèn lan, se kalvè malere ; alòs ke se malere ki bay klas mwayèn lavi.
Ki sa Ayisyen al chache nan yon sosyete ki egzije nou yon konpòtman kon sa ? Lagrandyab mande nou bliye nou soti nan zantray nèg bosal. Se doulè ras nou ki ta asire satisfaksyon n, plezi n, kontantman n. Ki donk ki kote nou gad ? Ki sa nou ye menm ? Èske nou san manman ?
An ba lobedyans Lagrandyab, sitiyasyon nou demèplè. Pa gen manje vant deboutonnen san vale vèmin sosyete modèn lan depoze nan plat la. Depi lè nou pran nan nas Lagrandyab nan Ginen, li sènen nou tou patou. Se sa ki reyalite nou.
Men, pou prensip Lagrandyab pran rasin sou latè, gen yon chemen li suiv. Lakay, anplwaye Leta, kou Mowo de Sen Meri (Moreau de Saint Mery), pa dòmi reve lage esklav yo : li ta mèt tou touye tèt li. Gwo kapitalis ki plen tè, kou Jilyen Remon (Julien Raymond), di w kon sa : rapò li ak esklav se menm ak rapò solèy la genyen ak fè nwa. Ki donk Leta la pou ede kapitalis — pou l fè fè nwa a tchoule. Lè Tousen Louvèti (Toussaint Louverture) te fòmann sou bitasyon, li te gen esklav pa li tou ; men, li di w, o kontrè, pou li menm al travay pou Leta, fòk Lafrans lage tout esklav yo, epi fòk Leta pran ka yo tout. Rezon an ? Se paske tout fòs politik Toussaint se kaptif yo alòs ke Julien Raymond an dwa apiye sou Lafrans tou.
Ki donk, etan y ap fè sèvis Lagrandyab, gen nèg ki jwenn kouman pou yo negosye pou fè Lagrandyab tchoule kò l. Nèg sa yo chache soulaje tèt yo, etan yo jwenn yon jan pou regle afè malere parèy yo. Nan prizon bitasyon an, nèg save kou Tousen (Toussaint), Boukmann (Boukman), Biasou (Biassou), Lamou Derans (Lamour Desrances) …, nan Latibonit, Okay di fon, Leyogàn, Jakmèl, Mibalè …, òganize rebelyon sou rebelyon, epi yo negosye pou Lagrandyab bay yon pòsyon nan yo libète, pou rès rebèl yo tounen sou bitasyon. Kon sa, prizonye nan bitasyon rive jwenn plis latitid pou y okipe jaden yo, òganize lakou yo, pwoteje respè tèt yo. Nèg sa yo rive nan klas mwayèn lan ak prensip lakou a.
Klas mwayèn lan vin gen 2 kalite pèsonaj : youn ki se tchoul Lagrandyab 100%, yon lòt k ap veye kouman pou l sèvi ak Lagrandyab, malgre repiyans li. Se kon sa Lagrandyab al pran yon panzou nan men nèg sa yo.
Pou yon seri rezon ki pa gen a revwa ak sa nou fè, blan franse al koupe fache ak lòt dyab parèy li ; e sa febli l. Nou vare sou li an 1791 epi nan lese frape a, nou sot an lè. Chans pou nou, apre sa, je Lagrandyab al tonbe sou peyi ki pi gwo pase zile nan Karayib la. Pandan plis pase 100 lane san Lagrandyab pa wete pye sou kou lòt malere nan rejyon an, lavi nou ann Ayiti vin konnen yon amelyorasyon. Nan 19yèm syèk la, jaden lakay donnen alòs ke sè n ak frè n nan Karayib la, oz Etazini, o Brezil epi nan Ginen ap manje baton dri dri.
Lè Ameriken, dènye pitit Lagrandyab, fè plim, li voye je l sou peyi ki nan kontinan an. An 1915, Merinkò (Marine Corps) anvayi nou. Y avili Chalmay Peral (Charlemage Péralte) ak kako yo, epi yo mete tou 2 pòsyon klas mwayèn lan a jenou. Klas mwayèn lan voye pye jan l kapab ; men, an ba je Lagrandyab, gran konnen pa sèvi ak prensip lakou a. Li pito chache sipò klas mwayèn parèy li a letranje. Rezilta : machin peyi a anbreye sou bak. Li tonbe deperi.
Sitiyasyon chanje an novanm 1989, lè Inyon Sovyetik bat ba. Etazini vin sèl kòk ki chante. Men tou, depi dat sa a, l al antre nan yon kafou ki pi makawon pase kote Lafrans te ye vè 1789. Inyon Ewopeyèn, Larisi, Lachin, Iran, Brezil, Lend, Inyon Sid Afrikèn leve lavwa, chaje tèt Lagrandyab ak pwoblèm.
Nan bwouhaha a, pòsyon klas mwayèn k ap sèvi Lagrandyab kole kò yo sou papa yo. Pòsyon k ap sèvi ak prensip lakou a pou yo chanje sitiyasyon an pwofite chache kouman pou yo fè Lagrandyab tchoule. Kòm rasin Lagrandyab entènasyonal, opozisyon nasyonal pa kont ankò pou pwoteje lakou a. Malere ap chache koute malere parèy yo isit ak lòt bò dlo, pale avè yo epi mache avè yo. Sa ka pran lakou a anpil tan ; men, sof mirak, pa gen lòt jan pou debloke sitiyasyon an.