NÈG AK NÈGÈS SE MOUN E PA GEN MOUN PASE MOUN. SE LESON SA A LOKSIDAN KOLONYAL RASIS LA GEN DIFIKILTE POU APRANN MENM NAN PANSE KRITIK RADIKAL LI YO. REVOLISYON AYITI A TOUJOU KANPE DOUBOUT NAN LISTWA LIMANITE, LI SE LIMIT TOUT PANSE, DISKOU AK PRATIK WÒWÒT KI BWÈ NAN TOYO MATRIS KOLONYAL LA.
Se Sosyològ Walner Osna ki ekri tèks sa a
Objektif tèks sa a se pataje kèk lide ki mete lespri m anboulatcha depi mouvman « Black lives matter » a tanmen apre asasina yon Ameriken nwa ki rele Georges Floyd e ki pèdi lavi l an ba jenou yon polisye blan nan mwa me 2020 nan Minesota nan peyi Etazini.
An n brase lide sou koze « nèg » la. Gen 2 bagay ki motive refleksyon sa a. Yon bò, sa te estomake m (e mwen pa t konprann anyen sou sa nan kòmansman) jan moun nwa nan peyi Kanada resevwa mo franse « nègre » jis yo vle entèdi l epi moun blan pa gen dwa pwononse l. Yo itilize ekspresyon franse « mot en N » — sou modèl angle « N- word » kòm altènativ. Yon lòt bò, eksperyans sa a ede m konprann pi plis dimansyon ak pòte Revolisyon Ayiti a.
Nou pa mande m koze ! Gen yon kategori moun nwa nan peyi Kanada ki gen yon sèl souvni ak mo a. Se yon souvni ki raple esklavaj ak kolonizasyon yon bò, epi, yon lòt bò, tout abi ak zak rasis yo te sibi e y ap sibi an ba zig moun blan. Sou baz sa a, yo panse mo « nègre » la se yon mo ki dwe bani sou laplas piblik epi blan je vèt pa gen dwa pwononse l. An n klè sou sa : mo sa a pa dwe sèvi jouman pou demounize yon kategori moun pou okenn rezon e nan kèlkeswa lang lan. Nou rekonèt tou istwa kolonyal ki mache ak mo sa a. Nan sans sa a, nou senpatize e nou solidè ak tout gwoup k ap sibi zak rasis nan sosyete oksidantal yo sou baz koulè po yo oubyen lòt kalte rezon. Nou denonse diskriminasyon sa yo. Nou rekonèt gen yon seri kategori se fabrikasyon kolonyal yo ye, se sistèm kapitalis kolonyal rasis la ki te kreye yo pou demounize yon gwoup moun, pou vòlò ak piye richès yo e pou fòse yo travay pou benefis kapitalis yo.
Sa k ta pral espante m pi plis la, se espresyon « mot en N » lan nan lang franse. Franchman, fòk mwen di nou, lè m tande koze sa a, m pa konprann ni pye ni tèt li. Finalman, m rive konprann rezon ki fè yo itilize espresyon sa a se pou yo voye jete mo « nègre » la nan poubèl listwa. Nou pa antre nan tout detay lengwistik sou mo kle sa a nan refleksyon sa a, men, nou vle siyale mo « nèg », « nègre », « negro », « nigger » e latriye pa nesesèman gen menm siyifikasyon nan kreyòl, franse ak angle — kòm chak lang sa yo gen pwòp vokabilè pa yo ki gen pwòp siyifikasyon pa yo. Ki donk, nou rekonèt istwa moun yo ak lang yo pa menm tout kote menm si nou ka konsidere matris kolonyal se youn nan eleman kle yo pataje.
Nèg ayisyen parèy mwen ap konprann ki sansasyon ak santiman ki travèse m nan yon katchouboumbe kon sa. Men, ki kote koze « N-word » oubyen « le mot en n » sa a soti menm ? Kiyès ki kreye l e pou ki sa ? Èske se moun nwa yo menm ki kreye l, e si se ta sa, nan ki moman ? Èske demach sa a pa rete nan menm lòd diskou kolonyal la oubyen si se pa li menm menm ki kreye l pou efase memwa sou enplikasyon peyi sa yo nan sistèm kolonyal la ? Se pa kesyon sa yo ki nannan koze m nan, men, yo ta merite fouye pou konprann pi byen matris diskou a. Mwen rakonte n ti koze sa a kòm kontèks pou m vin sou Ayiti cheri.
Ann Ayiti, mo « nèg » ak mo « blan » pa yon senp kesyon koulè po. Nèg ak nègès se MOUN. M sonje gen kote Ayiti, gen konpòtman ou genyen, peyizan rele w « blan » paske yo estime ou konpòte w tankou etranje. Menm jan m konn tande Ayisyen k ap rele blan (nan sans etranje ak koulè po tou) « nèg ». Pa egzanp, gen moun ki konn rele zanmi etranje yo genyen « bon nèg », sa vle di se yon bon moun. Nan ka sa a, lang kreyòl ayisyen bay mo a sans MOUN. Li depase kad panse loksidan kapitalis kolonyal rasis ki kreye kategori kolonyal yo pou divize popilasyon yo epi kreye yon swadizan siperyorite ak enferyorite nan mitan yo. Kreyòl ayisyen an bay sans ak lide pa gen moun pase moun, se sa k fè nou ka jwenn ekspresyon ki gen mo « nèg » (« bon nèg », « sa k ap fèt nèg ?»…) yo itilize pou tout moun kèlkeswa orijin ak koulè po w dapre mòd rapò moun sa a tabli ak lòt moun.
Pou ki sa m rale koze sa yo ? Enben, mwen rive konprann Revolisyon Ayiti a pa senpman yon koze lagè pou lendepandans, men, nou rive kreye yon lòt sivilizasyon, yon lòt mond, yon lòt konesans, yon lòt rapò moun ak moun, yon lòt rapò moun ak lanati, yon lòt rapò kò ak lespri… An plis, nou bay mo « nèg » la sans « MOUN » nan tout totalite l ak nannan l. Pou Ayisyen ak Ayisyèn, mo « nèg » la se pa yon rapèl mizè esklavaj ak kolonizasyon sèlman.
Pou m reprann tit albòm Règleman Afè Popilè ki se tradiksyon kreyòl tit franse dènye chapit, « Tribulations et joie de vivre », nan liv sosyològ ayisyen Jean Casimir ki rele « La nation haïtienne et l’État », mo « nèg » la pote alafwa tribilisayon ak kè kontan (TRIAKK) pou Ayiti. Nou ka tou konprann nan ki sous albòm RAP sa a souche. Brèf ! Si gen moun nan sosyete oksidantal yo ki gen sèl souvni tribilisayon ak mo tankou « nègre » an franse, Revolisyon Ayiti a vin bay mo « nèg » la yon lòt definisyon nan lang kreyòl la. Ki donk fòk nou konsidere lajwa ansyen kaptif sa yo ki te rive defini mo « nèg » la nan lang kreyòl la kòm sinonim « MOUN ». Se sa ki fè yon Ayisyen ka santi anpil fyète pou li di li se « nèg » nan lang kreyòl la epi fanm Ayisyèn ka fyè pou rele tèt yo « bèl nègès » tou pandan gen lòt kategori moun nan lòt sosyete ki pale lòt lang (tankou franse ak angle) e ki pa vle tande mo tankou « nègre » oswa « negro » oswa « nigger » epi yo adopte ekspresyon « mot en N » ak « N-word » kòm ranplasman. Si nou konsidere kesyon sa a marande ki jan pwoblematik rasis k ap ravaje sosyete sa yo, nou ta ka mande nan ki mezi ranplasman sa yo rive kesyone pwoblèm nan ale wè pou ta rezoud li. Nou ta ka chèche konprann tou ki gwoup moun ki deside ranplasman sa yo e pou ki sa. Pwofonde kesyònman sa yo ta ka ede nou wè pi byen ki sa ki kache dèyè ranplasman sa yo epi nan ki pèspektiv istorik, epistemolojik ak politik ransplasman sa yo vin antre. Jan Frantz Fanon di sa a nan liv Peau noire, masques blancs, pale yon lang se asime tout yon mond ak tout sa l charye. Ki donk, mobilize ranplasman sa yo pote yon chaj istorik ak politik ki merite klarifye kou dlo kòk. Kon sa, gwoup moun ki idantifye tèt yo nan nouvo vokabilè sa yo ava pi byen konprann ki sa yo ye.
Se pa jodi a nou menm Ayisyen konnen « nèg » ak « nègès » se MOUN. Tout moun se moun. Pa gen moun pase moun. An plis nou di « si gen pou youn, gen pou de », ki se yon prensip fondal natal solidarite depi nan Ginen pase Sen Domeng jouk nou rive kreye vodou, lang kreyòl ak lakou — nan wout pou n tabli yon lòt mond rezistans an fas modènite kolonyal rasis la. Ayiti rive fè sa yo rele « resiyifikasyon sibvèsif » sou mo kle « nèg » la nan lang kreyòl la.
Lide nou se pa depatcha kategori « nèg » yo ( « nèg nan peyi Nò » ak « nèg nan peyi Sid ») kòm ki dire pou n ta mete yo youn kont lòt, men, se pou n ensiste sou nesesite pou n gade tou 2 fas meday la (tribilasyon ak kontantman) nan fabrikasyon yon batay ki radikalman antirasis e ki kesyone fondman modènite kolonyal rasis la. Nan lojik sa a, Revolisyon Ayiti a ansanm ak lang kreyòl sa a ki vin ban nou ekwasyon « nèg » = « moun » se flanbo ki dwe rete limen devan lòt yo pou klere chimen liberasyon MOUN.
An n gade premye Konstitisyon peyi Ayiti ki se Konstitisyon 1805 Jan Jak Desalin (Jean Jacques Dessalines) ki se premye jeneral antiliberal — pou m repete pawòl yon desalinyen tankou Janil Lwijis (Janil Louis-Juste). Gen twa (3) atik nan Konstitisyon sa a k ap ba nou yon ti limyè sou pòte Revolisyon an :
« Atik 12. Okenn blan, kèlkeswa nasyon an, pa gen dwa antre sou tèritwa a kòm mèt oubyen pwopriyetè e yo pa janm ka vin gen pwopriyete sou tèritwa a. »
« Atik 13. Atik avan an p ap ka gen okenn konsekans ni sou fanm blanch gouvènman an natiralize kòm Ayisyèn, ni sou ti moun yo genyen oubyen yo pral fè. Se menmman parèyman pou Alman ak Polonè gouvènman an natiralize kòm Ayisyen. »
« Atik 14. Tout kesyon koulè nan mitan yon fanmi, kote chèf Leta a se papa yo, dwe sispann ; dezòmè, tout Ayisyen antre nan yon grenn kategori moun ki gen pou etikèt ‘Moun Nwa’ »
(sa se tradiksyon mwen).
Mezanmi, sanble Dessalines te depase tan li a oubyen nou ta di se kolon blan yo ki te an reta sou kesyon mounite paske yo te konstwi sosyete sou san lòt moun ak sou piyaj. Jodi a, yo ta reyalize tout moun se moun. Nèg nwa, yo menm tou, se moun : « Black lives matter ».
Bon ! Nou pa vle tonbe nan menm labirent yo a. Nou wè klè kou dlo kòk koze k ap fè gwo deba e k ap bay estrès nan loksidan jounen jodi a — koze « Negro », « Black », « Nègre » … — se yon bagay nou te rezoud lakay nou depi tan benmbo. An n fè listwa lakay, an n pran desten n pou n mete kanpe enstitisyon n yo k ap koukouman an ba Leta kolonyal la. Lang kreyòl, vodou ansanm ak lakou yo, sa dwe sèvi n kòm bousòl pou n bati sosyete kote libète ak byennèt se marasa. Nou ta ka gade koze sa a yon lòt jan. Nou ta ka di se yon bon bagay dèske jodi a mond lan boulvèse sou kesyon rasis, anpil mouvman pasipala… Men, ki sa lit antirasis sa yo charye ? N ap retounen lakay pou n konprann koze a pi byen.
Nou sonje youn nan lidè mouvman peyizan ayisyen (1844-1848) fen premye mwatye 19yèm syèk la ki se Jan Jak Akawo (Jean Jacques Accau). Towo gwonde sa a te di kon sa : « Nèg rich se milat, milat pòv se nèg ». Se pa ti koze, non ! Nou pa t menm bezwen al li gwo teyorisyen ewopeyen sou kesyon klas sosyal pou n konprann koze klas la. Jounen jodi a, gwo save ap teyorize sou « entèseksyonalite ». Èske nou pa ta ka ale pi lwen pou n fouye zo nan kalalou sou pwojè Accau a kote li te gentan ap poze kesyon sa a nan tan pa li a ? Chimen an long, men, yon jou n a rive.
Mwen rale pawòl selèb sa a pou n eseye grate an ba koze lit antirasis jodi a pou n konprann gen nèg ak nèg nan lit sa a. Sa vle di plizyè koze suivan ti bout obsvèvasyon m. Youn : Sanble anpil nan mouvman antirasis k ap fè pale anpil nan laprès ameriken, kanadyen, e latriye, pa oze manyen endistri k ap pwodui sosyete rasis yo ki se sistèm kapitalis kolonyal la. Sa ki vle di tout lide, rezistans ak batay k ap demaske loksidan kapitalis kolonyal la e ki antre nan dinamik liberasyon total kapital la se bouchon lit antirasis la. Lit antirasis ki fèmen nan yon lojik indantitè gen difikilte pou marande kesyon ras ak klas. Nan sans sa a, li pa ka poze kesyon rasis la nan maranday ak kesyon kapital la kòm rapò sosyal ki nan nannan demounizasyon/machandizasyon tout bagay. Dezyèman, sanble nan koze rasis sa a, se pa tout nèg ki enterese moun yo. Nèg Lasalin, nèg Bèlè, nèg Matisan genlè pa konte. Nèg ki soti nan peyi Sid yo, ki sosyalize nan peyi Sid yo pa gen menm vwa ak nèg ki benyen nan toyo sivilizasyon oksidantal kolonyal rasis la. Se pou sa vwa nèg sa yo ki soti nan peyi Sid yo pa konte.
Boutofen, nèg ak nègès se MOUN e pa gen moun pase moun. Se leson sa a loksidan kolonyal rasis la gen difikilte pou aprann menm nan panse kritik radikal li yo. Revolisyon Ayiti a toujou kanpe doubout nan listwa limanite, li se limit tout panse/diskou/pratik wòwòt ki bwè nan toyo matris kolonyal la. Mache chèche pa dòmi san soupe. An n kontinye reflechi epi chèche wout ak chimen pou libète ak byennèt la. An n kontinye lite pou ideyal Revolisyon an triyonfe. Mwen penmèt tèt mwen fini koze a ak fraz Jan Kazimi (Jean Casimir) nan refleksyon li ki gen tit « Black life matters » : « Tout jan, depi malere debake, l ap goumen. Lè moun obsève manifestasyon ‘Black life matters’, li ba w enpresyon se kounye a, Ameriken ap dekouvri ‘tout moun se moun’. Alòs ke, lakay, se sa menm ki alabaz jan nou viv ».
Pou m fini, mwen envite nou reflechi sou ti paragraf an ba a ki eksprime konpreyansyon yon Ayisyen, yon Nwa ki sosyalize Kanada ak yon Senegalè sou mo « nèg » ak « nègre » ki se 2 mo ki diferan e ki chita nan vokabilè 2 lang ki diferan — kreyòl ak franse. Se pou nou gen nan lespri nou prensip Bwa Kayiman « Tout moun se moun », « Pa gen moun pase moun ». Diskisyon an se sou itilizasyon mo « nègre » ak banisman li nan espas piblik. Objektif aktivite a se pou ede n reflechi sou pwoblematik divèsite, enklizyon, tolerans ak respè pou gade ki jan, nan sitiyasyon konkrè, nou ka manyen kesyon sa yo.
Nwa Kanadyen an, depi li ti kat kat, li rive Kanada kote, pandan tout anfans li rive nan jenès li, l ap sibi diskrimasyon rasis sou baz koulè po. Ki fè l panse mo « nègre » la dwe bani — e pinga moun itilize l, espesyalman « blan ». Paske, chak fwa li tande mo sa a, sa raple l move souvni.
Senegalè a, li menm, ki gen anpil respè pou Leyopòl Seda Sengò (Léopold Sédar Senghor), santi li fyè pou l pale sou kesyon Negritid. Sa ki voye li nan itilize mo franse « nègre » la nan konvèsasyon an. Pou li menm, elimine mo sa a ka touye memwa pansè negritid yo ak tout lide mouvman negritid la charye. Li esplike konsekans sa ka genyen si mo « nègre » sa a ta elimine.
Ayisyen an, bò kote pa l, rakonte ki jan istwa l ak mo « nèg » la an kreyòl pote alafwa tribilasyon ak kè kontan. Tribilasyon paske, yon bò, se yon fabrikasyon kolonyal kote, lè kolon franse an te konn rele zansèt afriken nou yo « nègre », se paske kolon yo pa t vle konsidere Afriken yo tankou moun. Ki donk, mo franse « nègre » la te sèvi nan estrateji pou fòse kaptif afriken yo travay pou sistèm kolonyal kapitalis rasis la . Yon lòt bò, mo kreyòl « nèg » la, ki pran orijin li nan franse, vin charye lajwa paske zansèt yo te rive kase dan blan franse nan dat 18 novanm 1803 epi yo te rive kreye yon nanchon moun ki mèt tèt yo — yon pèp souvren. Nan kad panse kolonyal la, yo renmen di Ayiti se « premye repiblik nwa ». Men, ann Ayiti, « nèg » ak « nègès » vle di « MOUN ». Nan lang kreyòl la, pa ta gen okenn fason pou nou menm Ayisyen ta elimine mo « nèg » la. Yon eliminasyon kon sa ta kontribye nan ranfòse lòd mondyal kolonyal la ki te fè tout sa l kapab pou Revolisyon Ayiti a vin envizib, pou bloke lespwa ak lespri rezistans kay lòt pèp ki an ba bòt kolon.
Tout moun agimante pozisyon yo. An reyalite, chak moun gen rezon pa yo nan pla men yo. Premye sa pou n kenbe malgre divèjans yo, youn rive kominike ak lòt nan respè epi konprann pi byen pozisyon chak moun genyen. Men, kounye a, sa pa sifi.
Kesyon k ap ede nou reflechi epi apwofondi tèks la
Se Djeride Jean-Baptiste ki prepare plan leson sa a nan brase lide ak Walner Osna, Ezra Remer ak Michel DeGraff
1- Apre nou fin li tèks la, gade ki jan Kòd nwa (Code noir — PDF ki an ba nèt sou paj la) te konn itilize mo franse « Nègre » nan epòk kolonyal la. Nou ka menm rive jwenn orijin espresyon kreyòl « tèt nèg » tou ! Chache dekouvri ki politik ki te kache dèyè itilizasyon mo franse « nègre » la. Aprè rechèch sa a, chak moun (oswa gwoup moun, si n fè aktivite a an gwoup) ava pataje tout dekouvèt yo sot fè yo.
2- Premye atik Kòd nwa a (PDF ki an ba nèt sou paj la) di : « Nou mande tout otorite kolonyal yo pou yo mete deyò tout Jwif ki te tabli rezidans yo nan zile nou yo … ». Malgre Kòd nwa a se te yon zouti pou kontwole zansèt afriken nou yo ki te nan esklavaj, premye atik la se sou yon kategori moun (Jwif) ki te defini tèt yo selon kritè relijyon. Ki analiz nou sou 1e atik sa a ? Nan analiz ou, pou ki sa otè Kòd nwa sa a te mete 1e atik sa a kont Jwif alòs ke se te yon Kòd nwa pou kontwole moun ki gen po nwa ?
3- Apre nou fin reflechi sou 1e atik Kòd nwa a (kont Jwif nan koloni Lafrans yo), kounye a, an n kalkile ki jan Jean-Jacques Dessalines te sèvi ak mo « nwa » a nan Atik 13 Konstitisyon 1805 la : Dessalines te konsidere tout moun k ap viv ann Ayiti kòm moun « nwa » kèlkeswa koulè po yo. Ata Alman ak Polonè te vin antre nan kategori moun « nwa » tou ! Lè n konpare objektif Kòd nwa (PDF ki an ba nèt sou paj la) ak fondasyon politik konsèp « nwa » sa a nan Konstitisyon 1805 Dessalines lan, ki refleksyon nou ka fè sou kategori « nwa » a nan istwa d Ayiti e nan istwa mond lan ?
4- Ki jan nou panse entèpretasyon mo kreyòl « nèg » la ansanm ak pawòl Accau a (« Nèg rich se milat ; milat pòv se nèg ») ka sèvi pou ede n konprann envansyon ak fonksyonnman konsèp « ras » la nan pwojè kolonyal la ?
5- An n konsidere yon analiz kote divizyon limanite ant « ras nwa » ak « ras blan » ak lòt « ras » se yon pati nan eritaj kolonyal nou resevwa. Èske w panse sa ka bon si yon eritaj kon sa ta disparèt ? Si n panse fòk eritaj sa a dwe disparèt, ki pi bon fason nou panse nou menm ann Ayiti ka travay pou ede nan fè eritaj sa a disparèt ?
6- An n kalkile enpak vokabilè lang nou sou tematik « ras » la. Jan nou kapab wè li a, lang yon kominote gen anpil enfliyans sou sa nou fè ak eritaj kolonyal sa a. Dayè, istorik mo kreyòl « nèg » la se yon egzanp sitou lè n konpare l ak mo franse « nègre » la. Ki relasyon nou wè ant vokabilè divès lang (kreyòl, franse ak angle) ak konsekans eritaj kolonyal rasis la jounen jodi a ?
7- Ann Ayiti, youn nan slogan nou toujou ap repete e ki gen anpil sans pou nou nan lang manman nou se « Tout moun se moun ». Ki jan nou panse Ayiti, kòm nasyon, te travay e kontinye ap travay pou fè eslogan sa a ateri tout kote ? (Nou ka konsilte yon atik Pwòf Jean Casimir sou tematik « Tout moun se moun » sa a.)
Walner Osna se yon doktoran nan sosyoloji nan Inivèsite Otawa (Kanada). Li fè metriz li nan sosyoloji nan menm Inivèsite a e li te fè etid lisans nan sosyoloji nan fakilte syans moun nan Inivèsite Leta Ayiti. Se yon militan ki gen plis pase 10 lane l ap batay anndan òganizasyon tankou Sèk Gramsci ak Gwoup rechèch ak apui devlopman kolektivite tèritoryal (GRAD). Jounen jodi a, li se prezidan Association étudiante de cycle supérieur en sociologie et en anthropologie (AÉCSSA) nan Inivèsite Otawa epi li se manm Groupe de recherche interdisciplinaire sur les territoires de l’exctractivisme (GRITE) ak Collectif de recherche sur les migrations et le racisme (COMIR).
Selon preyokipasyon l, tematik rechèch li se : mouvman sosyal, leta, megapwojè, aktivite touristik, kolonyalite, teyori dekolonyal, devlopman ak estrateji dappiyanp kote gwo peyi toujou ap esplwate richès, moun ak finans ti peyi. Walner te fè tèz metriz li sou rezistans peyizan Ilavach kont pwojè touristik nan ane 2013. Nou ka telechaje tèz la nan adrès sa a : lyen sa a.
Kounye a, Walner ap travay sou pwojè tèz doktora li konsènan mouvman popilè ann Ayiti pandan peryòd 2011-2021 an.