Yon dosye pedagojik sou kominikasyon oral ak ekri sou yon lodyans Charlot Lucien ki rele «Ti Oma»

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Frenand Léger ak Jean-Ederson Jean-Pierre ki devlope leson sa a an kolaborasyon ak Charlot Lucien

Konsiy : Ou pral reponn divès kesyon (konsènan fòm, kontni, gramè, vokabilè, sans, estetik e latriye) sou tèks ki an ba la a. Tanpri, pran san w pou w byen li tèks la pou w ka reponn tout kesyon yo avèk presizyon. 

(Lodyans sa a se yon vèsyon adapte, yon vèsyon kout, lodyans Ti Oma a)

Krik ?  Krak !  

Lodyans mwen an se istwa yon jèn gason yo rele Ti Oma ki te rete nan vil Bonbadopolis, nan Nò d wès Ayiti.

Ti Oma te vwayaje ak manman li, li rive nan yon fanmi nan Pòtoprens, lafanmi Barnave. Se yon fanmi ki t ap chèche yon ti moun pou vini travay nan kay la, paske yo gen yon bòn ki te nan kay la ki te kòmanse fatige. Li te kòmanse gran moun.

Lè li te rive kay lafanmi Barnave sou Avni John Brown yo rele Lali, Madan Barnave te di :

– Woy !  Pou jan ti gason an mèg sa a, èske ti gason an ka travay ? 

Manman Ti Oma te di : 

– Hey heyyy ! Ti Oma gen kouraj pase yon bèf. Chak semenn, l al vann bèf nan mache, e li konn peche gwo oma nan lanmè Bonbadopolis ! Li kapab travay.

Ti Oma te piti, li te mèg anpil, paske fanmi li te malere. Vant li te gwo. Li te gen maladi yo rele kwatchòkò.  Men, li te gen kouraj. 

Junior, pitit madan Barnave la, te di :

– O, o !  Pou ki sa tèt Ti Oma gwo kon sa ? 

Epi li frape dwèt li « Kow, kow,  kow ! Tòk, tòk, tòk ! » nan tèt Ti Oma ! Li te bay Ti Oma 2 zikòs !!!

Esther, sè Junior, te di :

– O, o ! Pou ki sa li rele ti gason an « Ti Oma » ?  C’est quoi ce nom ? Se yon non komik !  Ti Oma ?

Ti Oma pa t kapab pale, paske li te timid.  Li pa t kapab esplike yo te rele l « Ti Oma » paske li te fò nan peche oma ak kribich nan Bonbadopolis. Te gen yon bòn yo rele « Manzè Martha » ki te travay nan kay la.  Se li ki te responsab fòme ti Oma.  Nan demen maten a 5 è, li leve ti Oma. Ti Oma netwaye kay, li jete bokit pipi, li bale lakou a. Apre sa, Manzè Martha mennen Ti Oma nan mache pou li aprann achte legim, bannann, vyann ak pwa. Lè Ti Oma ale nan mache, se yon pwoblèm. Lè pou li kontwole monnen, li konte monnen sou dwèt li :

– 1 dola, 2 dola, 3 dola, 4 dola, 5 dola… Ban mwen 5 bannan.
Machann yo kontan paske yo pwofite fè benefis sou Ti Oma, paske Ti Oma pa konn konte. Yo di :

– He, hey !  Apa ti gason an pa tèm ! 

Se Manzè Martha ki konn pwoteje Ti Oma.

Yon lè, fanmi Barnave t ap gade pwogram televizyon. Yo t ap gade yon pwogram ameriken yo te rele « Dynasty ». Manzè Martha di madan Barnave : Nou bezwen voye ti Oma lekòl.

Madan Barnave di : 

– Pou ki sa ? Nou bezwen Ti Oma netwaye, lave, ale nan mache.

Manzè Martha di : 

-Non, Madan Barnave. Lè nou voye Ti Oma nan mache, li pa konn ki jan pou li peye. Li pa konn konte monnen.  

Madan Barnave di : 

– Dakò, n ap voye l lekòl pou l aprann konte, aprann adisyon, aprann soustraksyon, pou l kapab kontwole monnen nan mache.

Madan Barnave se yon dam ki trè tradisyonèl, ki te etidye an Frans depi l te tou piti, e ki te renmen pale franse. Mesye Barnave se te yon anplwaye Leta, ki te pwofesè lekòl segondè, se gwo entelektyèl, men, li te renmen jwe lotri. Chak jou, Madan Barnave voye Ti Oma nan mache, chak jou Mesye Barnave voye Ti Oma al achte lotri. Li te kwè li t ap genyen premye gwo lo. Li te fè rèv li t ap vin rich. Ti Oma te fatige anpil, paske se 8 an li genyen. 

Ti Oma kontan lè li pral lekòl. Li renmen inifòm li. Li mache 45 minit pou l ale lekòl, e 45 minit pou l tounen soti lekòl le swa.

Li pase Channmas, li pase devan Palè Nasyonal, li pase devan estati Nèg Mawon pou li rive lekòl Saint Théodore des Pauvres. San pèson pa remake sa, Ti Oma ap fè bèl pwogrè nan ti lekòl la. Men, tanzantan, Esther ak Junior ap moke li paske li pale franse ak yon aksan kreyòl. Yon fwa, pandan Esther ak zanmi l yo ap moke aksan Ti Oma, yo mande l resite : 

– 1 + 1 ?  2 + 2 ?  

Ti Oma kontan.  1 e 1 se adisyon ki fasil.  Li pral fè demonstrasyon konesans li. Li pral fè chèlbè !  Ti Oma gonfle lestomak li, li di :

– 1 e 1, 2 !   2 e 2, 4 !

Esther ak zanmi li yo ri. Yo pipi sou yo tèlman yo ri. Madan Barnave joure Ti Oma. Li di se Ti Oma k ap fè bri nan kay la. Se yon madanm ki te etidye an Frans. Li te tankou reprezantan kiltirèl la metwopòl nan ansyen koloni yo. Li te yon gadyen entretab la frankofoni nan katye lakay li. Li di :

Pourquoi tout ce scandale dans la maison ?  Qu’est-ce que vous faites là sur la galerie ?  Ti Oma, pou ki sa tout eskandal sa a ?  Pou ki sa ou nan mitan ti medam yo ?  Mwen pa vle w  rete sou galri a. Tande, pitit ?

Li di Ti Oma al etidye dèyè ti latrin nan lakou a, pou moun pa tande l. Bòn lan, Manzè Martha, kriye, li santi l wont. Ti Oma vekse. Li pa vle manje.  Manzè Martha di li :

– Manje, non, pitit mwen.  Sak vid pa kanpe. Ou bezwen fòs, ou bezwen pasyans pou rive nan lavi.

Li deside ankouraje Ti Oma pou li etidye plis ankò.  Li menase, li ankouraje, li pale, nan zòrèy Ti Oma, li pase Ti Oma kout matinèt tou. Ti Oma etidye plis. Ti Oma vin pi fò. Yon fwa, nan aswè, Ti Oma te soti lekòl. Li te gen kanè lekòl nan men li, li rantre nan kay la, epi l ap rele :

– Manzè Martha ! Manzè Martha !

Mandan Barnave joure li an franse. Li di Ti Oma se domestik li ye, li pa dwe fè bri nan katye a. 

– Ou pa nan la jungle de Bombardopolis, Monsieur ! 

 Ti Oma reponn, li korije pawòl Madame Barnave an franse. Li di : 

– Madan Barnave, il n’y a pas de jungle à Bombardopolis. Bombardopolis est en tè dezèt ! Pa gen jeng nan Bonbadopolis, paske se yon zòn dezè !

Madan Barnave vekse, li bat Ti Oma ak yon bwa bale. Ti Oma kriye, li wont. Manzè Martha di Madan Barnave :

– Kite mwen korije li pou ou, Madan Barnave. 

Li pase dèyè kay la, li bay Ti Oma 2 ti tap, men, li pa bat li tout bon. Ti Oma vekse. Li pa konprann se pwoteje Manzè Martha t ap pwoteje li, tankou ansyen fanm esklav nan koloni Sen Domeng te konn pwoteje pitit yo. Sa te rele mawonaj. Nan aswè, pandan Ti Oma ap dòmi, Manzè Martha wè kanè lekòl Ti Oma. Ti Oma te gen bèl nòt nan kanè a. Li te premye nan klas. Se pou rezon sa a li te gen kè kontan, li te fè bri nan kay la. Nan demen, Madan Barnave te mete Ti Oma deyò. Li di Ti Oma te frekan, enpètinan.  Manzè Martha di :

– Madan Barnave, pa fè kòlè. Koute mwen. Bouch gran moun santi, pawòl nan bouch li pa santi. Ti Oma se bon ti moun. Pa mete l deyò. Pa voye l ale.

Madan Barnave di : 

– Non, Ti Oma twò enpètinan. 

Manzè Martha pote Ti Oma kay yon marenn li, Grann Dede, ki te machann fritay sou Dèlma. Grann Dede byen trete Ti Oma, paske li wè Ti Oma te bon ti moun, e li te entèlijan. Ti Oma kontinye ale lekòl, li fè klas sètifika, li te fini klas segondè, apre sa li diplome kòm gwo agwonòm, epi li jwenn travay nan Ministè agrikilti, resous natirèl ak min, kote tout moun te konnen li kòm agwonòm Omar Dessources, yon anplwaye Leta respekte e respektab.

Yon lè, pandan m ale nan Ministè agrikilti pou m ale pran enfòmasyon, yo prezante m Agwonòm Omar Dessources ki te direktè nan ministè a. Mwen di :

– O, o !  He, hey ! Se pa Ti Oma mwen te konnen bò bak fritay Grann Dede a ?  

Misye gade m, li twaze m epi li di m :

Non, Monsieur. Se Agwonòm Omarrrr Dessourrrrces. Ou twonpe w. 

Epi li ban m yon sèl kout pye nan dada m, mwen vin tonbe sou Platfòm MIT-Ayiti pou m rakonte nou istwa sa a, istwa Ti Oma ki te soti Bonbadopolis.

Etap 1 – Aktivite miz an kontèks : Li ti biyografi sa a avan w reponn kesyon yo  (40 minit)

Charlot Lucien te fèt Okay, men, fanmi l se moun Tòbèk, yon komin bò lanmè ki pa lwen vil Okay nan depatman Sid peyi d Ayiti. Lè w Tòbèk, w ap gade zile Ilavach ki an fas ou, byen klè epi byen bèl. Charlot se yon pèsonalite ayisyen ki pote yon pakèt chapo sou tèt li : li se yon powèt, yon atis pent, yon kontè epi yon lodyansè. Li gen 2 chapo nan domèn rakonte istwa : li se yon kontè epi li se yon lodyansè. Tire kont ak bay lodyans se 2 aktivite ki diferan an kreyòl. Charlot tire kont leswa pou ti moun e li bay gran moun lodyans nenpòt ki lè. Charlot Lucien se fondatè epi direktè Asosyasyon Atis Ayisyen nan Masachousèt. Li se yon pèsonalite ki aktif anpil nan domèn kiltirèl la, kit se nan kominote ayisyen an, kit se nan kominote ameriken an. Sous enspirasyon l chita nan esperyans li fè nan vwayaje anpil nan peyi d Ayiti, lavil kou andeyò, ak nan esperyans li kòm yon manm nan dyaspora ayisyen an. Nan domèn rakontay, Charlot deja pwodui 5 rekèy lodyans ak kont an kreyòl ki soti sou CD. Ti Oma, ki te soti nan lane 2001, se premye zèv li te pibliye kòm lodyansè. Li deklame tèks nan lang franse tou. Yo envite l tanzantan nan plizyè kote oz Etazini, Kanada, Lafrans ak ann Ayiti (Pòtoprens, Jakmèl, Ilavach) pou li pèfòme. Charlot se administratè fiskal sante piblik pou Leta Massachusetts. Se sa ki aktivite pwofesyonèl prensipal li nan Boston. 

A- Kesyon plizyè chwa sou pakou atis la ak zèv li – Baze w sou prezantasyon atis la pou w chwazi repons ki pi kòrèk la. (5 minit)

1- Ki kote ann Ayiti atis la te pran nesans ?

a) Nan vil Okay

an) Nan vil Pòtoprens

b) Nan vil Tòbèk

ch) Okenn nan repons yo 

2- Konbyen chapo pwofesyonèl Charlot genyen sou tèt li nan domèn atistik la ?

a) Li gen 2 chapo pwofesyonèl : 2 fèt an pay epi 2 fèt an twal.

an) Li gen 4 chapo pwofesyonèl : kont, lodyans, pwezi ak penti.

b) Li gen yon chapo administratè fiskal nan sante piblik.

ch) Okenn nan repons yo 

3- An jeneral, nan ki moman yo konn tire kont ann Ayiti ?

a) Yo tire kont lajounen lè solèy la byen cho.

an) Yo tire kont lannuit lè solèy la kouche.

b) Yo tire kont lajounen kou lannuit.

ch) Okenn nan repons yo 

4- An jeneral, nan ki moman yo konn bay lodyans ann Ayiti ?

a) Yo blije bay lodyans gwo jounen, lè solèy la cho.

an) Yo bay lodyans a nenpòt ki moman, lajounen kou lannuit.

b) Yo blije bay lodyans lannuit sèlman, lè solèy la kouche.

ch) Okenn nan repons yo 

5- Ki sa k enspire Charlot pwodui zèv atistik ak literè li yo ?

a) Li jwenn enspirasyon l ann Ayiti sèlman.

an) Li jwenn enspirasyon l nan tout vwayaj li fè yo.

b) Li jwenn enspirasyon l nan dyaspora a sèlman.

ch) Okenn nan repons yo 

6- Konbyen CD lodyans ak kont kreyòl Charlot pwodui deja ?

a) Li deja pwodui kenz CD lodyans ak kont kreyòl.

an) Li deja pwodui venn senk CD lodyans ak kont kreyòl.

b) Li deja pwodui senk CD lodyans ak kont kreyòl.

ch) Okenn nan repons yo 

AN. Aktivite rechèch sou pakou atis la ak zèv li – Monte sou entènèt la (vizite imaj sou Google) pou w al chache 6 foto oswa imaj ki reprezante eleman ki an ba yo (10 minit).

  1. Jwenn yon bèl kat jewografik peyi d Ayiti ki byen detaye
  2. Jwenn foto bèt lanmè ki rele « oma » a 
  3. Jwenn yon foto estati Nèg Mawon an ann Ayiti. 
  4. Jwenn yon foto Palè nasyonal peyi d Ayiti (1921-2010).
  5. Jwenn yon foto estati Toussaint Louverture.
  6. Jwenn yon foto estati Jean-Jacques Dessalines.

B. Aktivite rechèch sou fenomèn restavèk la – Monte sou Entènèt la pou w chache enfòmasyon sou fenomèn restavèk la ann Ayiti. Reponn kesyon sa yo ( 25 minit ).

  1. Ki sa fenomèn restavèk la ye ?
  2. Kouman nou ka esplike fenomèn restavèk la ann Ayiti nan 21yèm syèk la ?
  3. Nan ki zòn nan peyi a pifò restavèk yo soti ? Pou ki sa ?
  4. Ki prensipal travay yon restavèk ? 
  5. Ki sa k ap fèt ann Ayiti pou konbat fenomèn restavèk la ?

Etap 2 – Aktivite sou fòm ak kontni lodyans lan : Li lodyans lan avan w reponn kesyon yo. Objektif espesifik aktivite sa yo se pou ede w konprann sans lodyans lan (90 minit).

Men kèk mo vokabilè nou bezwen konnen pou n ka byen konprann lodyans lan. Chache sans yo nan diksyonè kreyòl ou epi ekri yon ti definisyon tou kout ak pwòp mo pa w. Poze pwofesè w kesyon sou mo ak espresyon nou pa jwenn nan diksyonè (15 minit).

Mo/espresyon kreyòlDefinisyon
mo/espresyon
Mo/espresyon kreyòlDefinisyon
mo/espresyon
– Agwonòm
– Chèlbè
– Dada
– Entretab
– Frankofoni
– Fritay
– Galri
– Gonfle
– He, hey !
– Hm, hmmm !
– Jeng
– Joure
– Kanè
– Kòlè
– Kribich
– Kwatchòkò
– Legim
– Lestomak
– Matinèt
– Mawonaj
– Monnen
– O, o !
– Oma
– Tanzantan
– Timid
– Twaze
– Woy
– Zikòk

Ch. Kesyon plizyè chwa sou Ti Oma – Baze w sou tèks la pou w chwazi repons ki pi kòrèk la nan chak kesyon (15 minit).

1- Nan ki kategori literè nou ta klase lodyans lan ?

a)Teyat dramatik

an) Fiksyon naratif oral

b) Pwezi

ch) Kont fòlklorik

2- Nan ki lentansyon lodyansè a te konpoze tèks la ? 

a) Lentansyon lodyansè a se bay piblik la enfòmasyon objektif.

an) Lentansyon lodyansè a se rakonte epi dekri pandan l ap divèti piblik la.

b) Lentansyon lodyansè a se ekprime santiman pèsonèl li nan lodyans lan.

ch) Okenn nan repons yo.

3- Nan ki 3 kategori tipoloji tèks prensipal nou ta klase lodyans ? (N ap jwenn definisyon kategori sa yo an ba nèt nan dokiman an).

a) Agimantatif / enjonktif / espresif.

an) Enfòmatif / deskriptif /espresif.

b) Naratif / deskriptif / dyalogal.

ch) Okenn nan repons yo.

4- Ki sekans tèks fraz sa a ye « Ti Oma te vwayaje ak manman li » ?

a) Se yon sekans tèks esplikatif.

an) Se yon sekans tèks naratif

b) Se yon sekans tèks agimantatif.

ch) Okenn nan repons yo.

5- Ki sekans tèks fraz sa a ye « Ti Oma te piti, li te mèg anpil » ?

a) Se yon sekans tèks deskriptif.

an) Se yon sekans tèks agimantati

b) Se yon sekans tèks naratif

ch) Okenn nan repons yo.

6. Nan pasaj sila a « Ti Oma genyen kouraj pase yon bèf », ki kategori gramatikal mo « kouraj » la e ki sans pasaj la ?

a) Mo « kouraj » la se yon adjektif e pasaj la vle di « Ti Oma gen gwo feblès ».

an) Mo « kouraj » la se yon advèb e pasaj la vle di « Ti Oma gen plizyè bèf ».

b) Mo « kouraj » la se yon non e pasaj la vle di « Ti Oma gen anpil fòs ».

ch) Tout repons yo kòrèk.

7- Ki figi retorik oswa figi estil pasaj sa a ye « Ti Oma gen kouraj pase yon bèf » ?

a) Se yon metafò 

an) Se yon metonimi

b) Se yon konparezon

ch) Okenn nan repons yo.

8- Nan ki kategori diskou literati oral nou ka mete fraz sa a « Bouch gran moun santi, pawòl nan bouch li pa santi » ?

a) Se yon kont 

an) Se yon pwovèb

b) Se yon lodyans

ch) Okenn nan repons yo.

9- Nan ki kategori diskou literati oral nou ka mete fraz sa a « Sak vid pa kanpe » ?

a) Se yon devinèt

an) Se yon istwa kout 

b) Se yon pwovèb

ch) Okenn nan repons yo.

10- Nan pasaj sila a « Woy !  Pou jan ti gason an mèg sa a », ki kategori gramatikal mo « Woy » la e ki santiman li esprime ?

a) Mo « woy » la se yon entèjeksyon e li esprime yon santiman etonman.

an  Mo « woy » la se yon vèb e li esprime yon santiman doulè.

b) Mo « woy » la se yon non e li esprime yon santiman sipriz.

ch) Tout repons yo kòrèk.

11- Ki sans pasaj sa a genyen nan lodyans lan « He, hey !  Apa ti gason an pa tèm ! » ?

a) Pasaj la vle di « ti gason an entèlijan anpil ».

an) Pasaj la vle di « sèvo ti gason an pa byen devlope »

b) Pasaj la vle di « ti gason an pa an bon tèm ak machann yo 

ch) Tout repons yo kòrèk

12- Ki sa pasaj sa a ki nan fen lodyans lan demontre « Non, Monsieur.  Se agwonòm Omarrrr Dessourrrrces. Ou twonpe w » ?

a) Pasaj la demontre ke ti Oma sonje epi aksepte kote l soti.

an) Pasaj la demontre ke ti Oma pa sonje kote l soti

b) Pasaj la demontre ke ti Oma vle kache epi bliye kote l soti. 

ch) Tout repons yo kòrèk.

D. Kesyon Vrè oswa Fo – Baze w sou tèks la pou w chwazi repons ki pi kòrèk la. (10 minit)

1-Tout moun te rele ti gason an « Ti Oma » paske l te fò nan peche oma nan lanmè.VF
2-Ti Oma pa t gwo nèg, men, li te gen anpil fòs kouraj.VF
3-Ti Oma te mèg paske fanmi l te tèlman pòv yo pa t ka ba li manje kòm sa dwa.         VF
4-Madan Barnave te renmen Ti Oma anpil.                                                                      VF
5-Madan Barnave pa janm fè Ti Oma okenn abi.VF
6-Madan Barnave te renmen wè lè Ti Oma ap jwe ak ti medam li yo sou galri a.VF
7-Se Manzè Martha ki te konn pwoteje Ti Oma.VF
8-Ti Oma te yon bon elèv paske l te konn fè bèl nòt lekòl la.VF
9-Madan Barnave te mete Ti Oma deyò lakay li pou enpètinans.VF
10-Ti Oma te fè tout etid li soti lekòl primè pou rive nan inivèsite.VF

E. Kesyon ki mande repons louvri – Baze w sou lodyans lan pou w reponn kesyon sa yo. Se pou w reponn kesyon yo ak fraz tou kout, men, ki konplè. ( 30 minit )

  1. Ki wout Ti Oma pase pou l rantre Pòtoprens ?
  2. Ki moniman Ti Oma konn wè sou wout li lè l prale lekòl ?
  3. Pou ki sa yo te voye Ti Oma lekòl ?
  4. Ki wòl Manzè Martha jwe nan lavi Ti Oma ?
  5. Ki move tretman Ti Oma resevwa ?
  6. Ki kalite prejije Madan Barnave sanble genyen ?
  7. Konbyen pwovèb oswa dikton kreyòl nou jwenn nan istwa a ?
  8. Pou ki sa Manzè Martha te kale Ti Oma pou Madan Barnave ?
  9. Pou ki sa Ti Oma te vekse paske Manzè Martha te kale l ?
  10. Èske istwa sa a pase anvan tranbleman tè 2010 la oubyen apre tranblemantè a ?  
    Ki rezon w pou repons sa a ?

Doktè Frenand Leger se yon pwofesè pèmanan nan Carleton University ki nan vil Otawa, kapital peyi Kanada. Sa fè 18 lane depi doktè Leger ap anseye lang kreyòl, lang franse, lenguistik ak literati frankofòn nan nivo inivèsitè. Doktè Leger fè yon lisans nan domèn syans edikasyon, yon metriz nan lenguistik aplike epi yon doktora nan literati frankofòn. Li fè rechèch nan domèn ansèyman lang franse ak kreyòl, nan literati frankofòn, ak sou sitiyasyon sosyolenguistik peyi d Ayiti. Li te patisipe nan pwojè diksyonè bileng kreyòl-angle Enstiti Kreyòl Inivèsite Indiana a. Li pibliye plizyè atik syantifik sou kesyon lang, kilti ak literati peyi d Ayiti. Li se otè yon manyèl kreyòl ki rele « Pawòl Lakay : Haitian-Creole Language and Culture for Beginners and Intermediate Learners ». Nan pwochen liv li, ki pral parèt byento, li analize evolisyon kategori tèks fiksyon naratif kout nan literati ayisyen ; l ap prezante analiz li yo sou plan istorik, estetik epi teyorik. 

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments