Foto : Pierre Negaud Dupenor, 2018, nan kad pwojè LAC Reads/USAID.
Ayiti se youn nan peyi nan monn lan kote ki gen pi plis inegalite. Inegalite sa yo pa sèlman ekonomik ; yo kiltirèl tou. Depi n pale de kilti, premye sa nou wè se lang manman. Lang yon nasyon se youn nan premye eleman kiltirèl ki defini idantite l kòm pèp. Malerezman, rive jounen jodi a, lang nasyonal peyi d Ayiti (egal : lang kreyòl la) pa ko janm rive sèvi kòm lang ofisyèl nan menm nivo ak franse malgre sa manman lwa peyi a mande. Ki fè nasyon an pa ko janm rive jwi dwa lengwistik li nan tout sektè sosyete a.
20 fevriye chak ane, Nasyon Zini dekrete jounen sa a kòm « Jounen entènasyonal jistis sosyal ». Epi 21 fevriye chak ane, Nasyon Zini konsakre l kòm « Jounen entènasyonal lang matènèl ».
Enben, de (2) jou sa yo se okazyon pou chak peyi reflechi sou respè dwa chak grenn sitwayen yo. Lè n pale de dwa, nou wè tout kalite dwa. Youn nan dwa sa yo — yon dwa ki nan nannan tout lòt dwa yo — se dwa pou chak moun pale lang yo santi yo pi alèz ladan l, pou kominike lib e libè, san diskriminasyon. Nan sans sa a, pi souvan, lang yon moun pi alèz ladan se lang natif natal li.
Nan kad jounen jistis sosyal ane sa a, li bon pou n reflechi sou enpòtans pou n batay pou tout Ayisyen jwenn posibilite pou yo pale, aprann li ak ekri, travay, pataje sa yo santi, sa yo bezwen ak sa yo anvi, esprime sa yo panse ak tout aspirasyon yo nan lang manman yo — san yo pa fòse lespri yo fè gwo jimnastik pou yo oblije ap eseye pale, li ak ekri nan yon lang ki pa rele yo chè mèt chè mètrès.
Ki sa jistis sosyal ye ?
Selon Nasyon Zini, jistis sosyal chita sou egalite dwa pou tout moun. Sa mande pou tout moun rive benefisye pwogrè ekonomik ak sosyal nan monn lan san fòs kote. Nasyon Zini pote presizyon sa a : jistis sosyal pa sèlman gen pou wè ak kòb yon moun ap touche ; ni l pa gen pou l wè sèlman ak kreyasyon djòb. Se avan tou yon kesyon dwa, diyite, libète espresyon ak otonomi ekonomik, sosyal ak politik. La tou, respè dwa lengwistik se yon engredyan ki endispansab nan dosye jistis sosyal pou tout nasyon.
Jistis sosyal (egal : respè dwa ak libète fondamantal chak moun) jwe yon wòl fondal natal nan devlopman sosyal e nan kreye kondisyon pou tabli lapè ak sekirite anndan yon sosyete e nan rapò ant divès sosyete. Pledwaye sa a merite atansyon nou tout nan jefò n ap fè pou n rezoud kriz ensekirite ki bay gwo tèt fè mal depi kèk tan nan peyi d Ayiti paske.
Ki donk fòk nou repete sa byen fò : Li enposib, li enposib pou n tabli lapè ak sekirite si nou pa respekte dwa ak libète fondamantal chak moun nan sosyete a. E youn nan dwa fondamantal sa yo se libète pou chak moun itilize lang matènèl yo nan tout aktivite yo nan tout sektè sosyete a.
Nan yon diskou Anbasadèz Dominique Dupuy (Delegasyon Pèmanan Ayiti nan UNESCO) te fè nan dat 21 me 2021 sou podyòm UNESCO nan vil Pari an Frans, li te esplike enpòtans dwa lengwistik nan devlopman oswa soudevlopman yon pèp. Li di kon sa :
« Depi yo vyole dwa lengwistik yon sèl grenn moun, se devlopman tout sosyete a ki antrave epi se pwogrè tout limanite ki ralanti. Lè kon sa, se nou tout k ap pèdi nan inovasyon, pèdi nan kwasans ekonomik, pèdi nan mwayen pou n viv byen, pèdi nan demokrasi e, an final, se kon sa nou kreye rasin pou ensekirite epi lapè vin kaba. »
Nan kad komemorasyon Jounen entènasyonal jistis sosyal ak Jounen entènasyonal lang matènèl pou ane 2023 sa a, an n mande ankò : Ki enpòtans lang matènèl pou jistis sosyal ak devlopman peyi d Ayiti ? Nan chache lòt eleman repons, pou n fini, nou ka site pawòl Pwofesè Michel DeGraff, Grenadye nan MIT-Ayiti, nan yon atik li ki rele « Nan ki lang lajistis dwe pale ? » :
« Kreyòl se sèl lang ki ka pèmèt tout moun ann Ayiti jwenn yon bon edikasyon ansanm ak aksè a opòtinite ak lajistis. Itilizasyon yon lang tout moun konprann se yon nesesite — menm si sa pa sifi — pou bay moun espwa nan lajistis. Epi edikasyon, tankou lajistis, dwe sèvi ak bon jan metòd ki entegre lang manman popilasyon an, sitou lang manman moun yo te voye jete an ba nèt nan sosyete a. »
Biwo Kominikasyon Inisyativ MIT-Ayiti
Remak