Foto : Zachary Vessels
Jodi a se jounen entènasyonal frankofoni. Se yon bèl okazyon pou n sinyale enpòtans lang franse kòm zouti pou kominikasyon, kòm tout lòt lang. Se yon okazyon tou pou Inisyativ MIT-Ayiti reponn moun k ap simaye fo nouvèl kòm ki dirè objektif MIT-Ayiti se goumen kont lang franse nan non lang kreyòl la.
Travay nou nan MIT-Ayiti chita sou yon prensip fondamantal : #ToutMounSeMoun #ToutLangSeLang. Egal : Nou dwe valorize tout lang ; men, nou dwe goumen kont fòs neyo kolonyal k ap itilize sèten lang kòm zouti pou yo apovri sila yo ki deja pami pi pòv yo. Ki donk fòk nou veyatif lè sèten gwoup moun oswa kèk peyi ap sèvi ak sèten lang kòm enstriman pou yo mete deyò yon kategori moun pandan sèten lòt gwoup ap itilize lang sa yo pou kore prestij yo, pouvwa yo ak richès yo. Wi, fòk nou veyatif pou okenn lang pa sèvi kòm zam pou moun an wo kont moun an ba !
Anpil moun derefize konprann ke batay MIT-Ayiti a pa gen okenn entansyon elimine lang franse ann Ayiti pou kreyòl la ka pavwaze kòm sèl kòk chante. Objektif nou se pito kontribye nan enplemantasyon refòm Minis Joseph C. Bernard anndan systèm edikasyon an epi anndan tout sosyete a ann Ayiti. Bernard, li menm tou, te sèvi ak lasyans pou l rive konprann enpòtans yon bilengwis fonksyonèl kreyòl-franse ki byen chita sou fondasyon solid lang nasyonal la ki se kreyòl. Se byen sa Pwòf Michel DeGraff, Doktoran William Frager ak Pwòf Haynes esplike nan atik « An nou fè 2 kabès olye pou n rete nan lave men siye atè » ki parèt nan jounal Le Nouvelliste nan mwa d out 2022.
Wi, atik sa a nan Le Nouvelliste te esplike Minis Bernard te pwopoze depi an 1982 kòm refòm. Se menm objektif sa a MIT-Ayiti ap chache :
« … yon lekòl fondamantal ki sèvi ak kreyòl kòm lang ansèyman. Sa vle di, se kreyòl ki dwe sèvi nan ansèyman tout matyè ki nan kourikoulòm lan, tankou matematik, istwa, lasyans e latriye. Epi tou, tout manyèl lekòl ta dwe ekri an kreyòl pou elèv yo ka konprann yo pi byen e pi vit. Tout rechèch syantifik montre lè elèv yo bati fondasyon entelèkyèl ki solid gras a lang matènèl yo, ki se kreyòl, y ap gen pi plis kapasite pou yo aprann yon dezyèm lang tankou franse, angle oubyen panyòl. » (DeGraff, Frager & Miller 2022)
Si tout Ayisyen ta rive pale franse ak nenpòt ki lòt lang etranje mete sou lang manman yo, sa se 2 kabès y ap fè tout bon vre. Malerezman, sa n wè ann Ayiti jounen jodi a se yon seri pratik ki pa kadre ak sa lasyans montre nou — yon seri pratik ki mennen nou nan sitiyasyon malatchong sa a kote se sèlman yon ti zuit pousantaj ki ka reyisi lekòl :
« … itilizasyon lang franse kòm lang prensipal nan lekòl yo vin lakòz anpil pwoblèm, tankou anpil echèk depi nan premye ane fondamantal epi gran kantite analfabèt. Lang franse kòm lang ansèyman depi 1e ane fondamantal, sa sèlman ede reyisit ti moun nan elit la ki deja konn pale franse depi lakay yo, anvan yo antre lekòl. » (DeGraff, Frager & Miller 2022)
Ki donk, itilizasyon franse kòm lang prensipal pou ansèyman depi ti klas fondamantal yo, sa poze gwo problèm pou ti moun ki pa pale franse lakay yo — egal : gwo pwoblèm pou majorite aprenan yo. Paran ti moun sa yo souvan pa menm konn li ak ekri, e menm pou anpil nan paran sa yo ki konn li ak ekri, yo pa sistematikman pale franse lakay yo. Sa vin fè ti moun sa yo souvan pa janm tande franse lakay yo ditou pyès. Se kon sa, lè ti moun sa yo rive nan lekòl k ap enpoze franse kòm sèl lang ki lejitim, sitou alekri (nan manyèl, devwa, egzamenm e latriye), se kòm si lang franse a vin mete baboukèt nan bouch ti moun yo. Edikatè, sikològ, lengwis ak moun ki aprann pale plizyè lang konn ki sa sa vle di : se bagay ki konn mete sevò ti moun yo an boulatcha, ba yo laperèz, rann yo konplekse, epi tou, sa vin afekte aprantisaj ti moun yo — sitou nan matyè de baz yo — san n pa bliye sa gen yon enpak negatif sou tout rès vi ti moun yo.
Solisyon an chita nan bilengwens fonksyonèl
Sa fasil pou n konprann enpòtans lang franse ak lòt lang (« miltilengwis ») kòm avantaj nan globalizasyon monn lan jounen jodi a. Pandan n rekonèt enpòtans lang franse a nan prezan nou ak nan pase istorik nou, li rete yon gwo blokaj anndan sosyete a nan fason yo mal itilize l kòm lang pou ansèyman, administrasyon, jistis (en-jistis ?) e latriye. Se pa lang franse a ki pwoblèm lan nan li menm ; men, se jan elit sosyal, ekonomik ak politik yo itilize l nan enterè pèsonèl pa yo, san yo pa wè enterè kolektif Pèp Souvren an.
Jan Minis Joseph C. Bernard te vle fè l la, nou menm nan Inisyativ MIT-Ayiti, nou kwè nan bilengwis fonksyonèl (bilengwis FONKSYONÈL, wi !) kòm solisyon dirab pou rezoud konfli kreyòl-franse ke elit yo kreye depi digdantan. Ki sa sa vle di ? Sa vle di : yon moun ka…
«… fonksyone (egal : degaje tèt li) nan yon dezyèm lang nan kèk kontèks espesifik ki souvan gen rapò ak aktivite akademik. Pa egzanp, yon etidyan nan inivèsite ka toujou konprann yon manyèl nan yon dezyèm lang ; men, li ka santi l pi alèz nan lang matènèl li lè moman an rive pou l poze pwofesè li yo kesyon oubyen pou l fè deba ak kamarad li yo. Bilengwis fonksyonèl sa a pa mande pou yon moun metrize dezyèm lang lan nan menm nivo konpetans ak lang matènèl la — depi aprenan an ka degaje l ak dezyèm lang lan nan domèn kote li bezwen li. » (DeGraff, Frager & Miller 2022)
Boutofen, nou vle rete ak lespwa, yon jou, otorite yo ak tout elit yo va rive konprann enpòtans pou yo kreye ekilib ak amoni ant yo menm ak istwa peyi a ansanm ak pwofil lengwistik tout popilasyon an nèt. Se kon sa ekilib ak amoni ava kreye tou ant 2 lang ofisyèl peyi a — pou se pa sèlman ak franse pou otorite yo ap « tete lang » (selon espresyon nan chante « M ap rape yo » BIC Tizon Dife. Se bon jan politik lengwistik ki va pèmèt pitit Pèp Souvren aprann san difikilte, epanwi tèt li kòm sa dwa, nan fason l esprime aspirasyon l, bezwen l ak dezi l, nan fason li planifye lavni l ak jan l itilize lang yo pou bati yon sosyete ki chita sou jistis sosyal, byennèt ekonomik ak lapè.
Biwo Kominikasyon Inisyativ MIT-Ayiti
Imel : mitayiti@gmail.com | mit-haiti@mit.edu
Remak
test comment after update