An n akeyi Pierre Negaud Dupenor nan ekip MIT-Ayiti a kòm nouvo Direktè Kominikasyon !
Negaud fèt nan Komin Koto (Sid), men, fanmi li te deside tabli nan Komin Kabarè an 1989 lè li te gen 5 rekòt kafe. Se la li fè tout etid klasik li. Aprè li fin desann bakaloreya, li rantre nan Inivèsite Leta Ayiti pou l te etidye kominikasyon sosyal.
Nan kad rechèch li pou diplòm lisans nan Fakilte Syans Moun nan lane 2003, li te fè yon travay kote li poze pwoblèm itilizasyon lang franse nan legliz advantis 7yèm jou. Legliz sa a itilize franse anpil alòs ke pifò manm li yo se kreyòl yo pale. Nan travay rechèch sa a, Negaud chache konprann ki rezon ki pouse dirijan legliz advantis yo itilize franse anpil kon sa. Rezilta rechèch la montre yo itilize franse nan sousi pou yo prezante yon bon imaj de tèt yo, paske pale franse ann Ayiti se yon faktè ki an rapò ni ak prestij sosyal, ni ak pouvwa ekonomik e politik nan sosyete a — wi, pou anpil moun, « pale franse vle di lespri ».
Lè Negaud fin resevwa lisans li nan kominikasyon sosyal, li vwayaje Venezwela kote li fè yon Metriz nan kominikasyon sosyal nan Inivèsite Santral Venezwela, nan lane 2012. Sa pa t sifi. Li kontinye pouswiv etid li jis an Frans kote li fè yon Metriz nan jesyon entènasyonal teritwa (nan Inivèsite Pari 12) epi yon Metriz nan administrasyon ekonomik ak sosyal (Inivèsite Evry Val d’Essonne).
Apre sa, nan lane 2014, Negaud rantre ann Ayiti kote li pase 4 lane ap travay pou yon ajans nan Nasyon Zini ki rele Food and Agriculture Organization (FAO). Nan FAO, li devlope bon jan zouti kominikasyon pou ede plis agrikiltè ak agrikiltèz jwenn enfòmasyon ak konesans an kreyòl pou yo ka amelyore pratik agrikòl yo, nan lide pou mete plis manje disponib nan peyi a.
Epi tou, Negaud te travay pandan 18 mwa pou yon pwogram USAID ki rele LAC Reads, nan ede devlope materyèl ansèyman ak aprantisay pou pèmèt ti moun ki nan lekòl primè yo develop kapasite lekti ak ekriti yo pi bonè.
Nan lane 2019–2020, Negaud te gen chans pase 15 mwa oz Etazini nan kad yon pwogram bous Fulbright. Nan menm ane sa a, li te resevwa yon pri kòm youn nan 10 jèn ayisyen ki pi remakab nan peyi d Ayiti.
Nan dènye ane sa yo, Negaud travay anpil nan lang kreyòl sitou nan domèn agrikilti ak edikasyon, avèk plizyè òganizasyon entènasyonal, tankou FAO, American Institute for Research (AIR, Pwojè LAC Reads), epi Association France Haïti Développement.
Tout eksperyans ak ekspètiz sa yo, li vle mete yo nan sèvis Inisyativ MIT-Ayiti pou pouse pwojè a ale pi lwen toujou.
Remak