Resous sa a parèt nan seri : Istwa lakou a
« MWEN FÈT AN 1938. REVOLISYON 1946 LA PRAN MWEN, MWEN TE GEN 8 AN. SE NAN REVOLISYON 1946 LA MENM KE MWEN GRANDI. MWEN SE JENERASYON KI ELVE APRE CHIT LESCOT E APRE 2ÈM GÈ MONDYAL. SE YON BAGAY KI TRÈZ ENPÒTAN POU W KONPRANN JENERASYON PA M LAN LÈ N AP PALE… » – JEAN CASIMIR
Objektif Pwofesè Jean Casimir nan seri twòkèt sa yo se reponn kesyon fondamantal sou istorik pèp souvren an nan pwòp esperyans pèp souvren sa a kòm yon gwoup abitan ki gran moun tèt yo. Twòkèt sa yo envite nou chache chay istwa ansyen nou yo depi Lafrik Ginen pase Sen Domeng rive Ayiti jounen jodi a. Chak nan twòkèt sa yo ap ede n fouye zo nan kalalou yon koleksyon konsèp ki enpòtan nan vokabilè kreyòl la. Depi lè ansyen yo kòmanse antre an kontak ak blan ewopeyen yo, lang kreyòl la vin ede yo entèprete pawòl otorite leta yo yon fason pou yo rive chape kò yo ak lespri yo an ba dominasyon kolonyal jis yo rive mèt tèt yo nan lakou kote tout moun se moun. Se pou sa nou pral fouye zo nan kalalou vokabilè kreyòl la. Pami konsèp sa yo nou pral analize nan twòkèt yo, n ap jwenn : « abitan », « malere », « nèg », « bosal », « blan », « ras », « moun », « kreyòl », « pouvwa », « leta », « kolon », « endepandans », « teknoloji », « klas mwayèn », « zanno kay òfèv », e latriye… Pawòl sa yo ak yon bann ak yon pakèt lòt ankò byen chita nan vokabilè kreyòl la e fòk nou byen analize yo, pandan n ap brase lide nan respè youn pou lòt, pou n rive konprann ki kalte moun nou ye. Ki donk, vreman vre, ti atik tou kout sa yo ansanm ak chita pale nan videyo ak Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) epi egzèsis nan koleksyon « Istwa lakou a » sou Platfòm MIT-Ayiti, tou sa se « twòkèt » la vre. Se nou menm, lektè yo, k ava pote chay la ki dèyè.
Premye pòdkas nan Istwa Lakou a se sou karyè Pwofesè Jean Casimir. Nan pòdkas sa a, Pwòf Casimir (Fakilte Syans Moun, Inivèsite Leta d Ayiti) pataje kèk ti mòso nan istwa lavi li ann Ayiti epi lòt bò dlo kòm elèv, etidyan, sosyològ, antwopològ ak istoryen.
Se Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) ki fè entèvyou sa a ak Pwòf Jean Casimir.
Nan semenn k ap vini yo, nou pral afiche yon seri « twòkèt » (ti atik tou kout) sou Platfòm MIT-Ayiti. Twòkèt sa yo, ansanm ak yon seri entèvyou nou pral fè ak Pwòf Casimir, pral antre nan koleksyon Istwa Lakou a.
Pandan n ap tann lòt twòkèt yo, sila yo ki pale franse, angle oswa espayòl ka li kèk atik Pwòf Casimir oswa nou ka achte liv li ki rele The Haitians: A decolonial history.
Remak