Videyo sa se yon dyalòg ki sèvi ak alfabè kreyòl ayisyen an pou n reponn defi alfabè k ap simaye sou TikTok.
« Defi alfabè » sa a se yon jwèt pou moun ki renmen chache fraz ki kòmanse ak lèt ki nan lòd alfabè a. Pou alfabè kreyòl la, premye fraz la dwe kòmanse ak lèt <A>, dezyèm fraz la dwe kòmanse ak lèt <An>, twazyèm fraz la ak lèt <B> e latriye… jis nou pase tout lèt nan alfabè a rive nan lèt <Z>.
Jwèt sa a ka amelyore konesans ou sou kreyòl la nan plizyè fason pandan w ap amize w ak zanmi w !
- L ap ede w vin maton nan grafi kreyòl la — pandan w ap suiv lòd lèt nan alfabè a.
- L ap ede w metrize vokabilè lang lan tou — pandan w ap chache mo ki mache ak chak lèt.
- L ap ankouraje pratik lekti paske fòk ou gade mo yo nan tèt ou pou w kalkile ki lèt ki nan kòmansman mo yo.
- Sa ankouraje kreyativite tou — paske zanmi w yo ka sèvi ak mo w pa t janm tande anvan sa epi, ou menm tou, fòk ou chache mo ki kòmanse ak sèten lèt lè se jwèt pou ou.
Dyalòg pou defi alfabè kreyòl
Se Bernade Leonidas ki ekri dyalòg sa a
1. A : Apa mwen tande lang kreyòl la pral itilize kòm lang ansèyman nan tout lekòl.
2. An : Ann Ayiti ?
3. B : Bon, daprè sa mwen tande, se ann Ayiti, wi.
4. Ch : Chapo ba pou moun ki pran kokenn chenn desizyon sa a.
5. D : Dat la yo pa ko bay sèlman.
6. E : Eben, depi w tande yo anonse sa, dat pou sa kòmanse a pa lwen.
7. È : Èd ki soti tou patou, ann Ayiti e nan dyaspora, te enpòtan pou Ministè a pran desisyon sa a, wi.
8. En : Enstistisyon nasyonal ak entènasyonal sanble yo te bay apui yo tou. Èske w konnen nan ki sektè ?
9. F : Fòmasyon anseyan, pwodiksyon materyèl an kreyòl, e latriye.
10. G : Gwo koze, wi !
11. H : Hing hang sa a ant kreyòl ak fransè, ant moun an wo ak moun an ba, li lè li tan pou sa kaba. Sa se objektif Inisyativ MIT-Ayiti.
12. I : Inisyativ ? Ki kalite inisyativ sa ye menm ?
13. J : Jan inisyativ sa a ap frape kon Mèt Jean-Jacques pou valorize lang kreyòl la !
14. K : Kreyòl la se lang manman nou ak lang papa nou, wi ! Fòk nou itilize l vre pou n fè lekòl kòm sa dwa ann Ayiti.
15. L : Lang kreyòl la se yon zouti esansyèl pou amelyore kalite edikasyon ann Ayiti epi sa pral ede nan kreye mwayen ak opòtinite pou tout pitit peyi a, daprè analiz Lengwis Michel DeGraff ki se Grenadye nan MIT-Ayiti.
16. M : Mwayen ak opòtinite dwe ogmante tou patou nan peyi Ayiti ! Sa se yon bon lide, wi !
17. N : Nan sal klas ann Ayiti, pifò lekòl kontinye ap sèvi ak lang fransè kòm lang ansèyman, daprè pwofesè Guerda Jean Guillaume nan MIT-Ayiti. Li di kon sa : « Pifò ti moun lekòl pa renmen poze kesyon oubyen reponn kesyon. Se tout tan y ap goumen pou tradui pawòl soti nan kreyòl ale nan fransè oubyen soti nan fransè ale nan kreyòl »
18. Ng : <Ng> se yon lèt ki reprezante yon konsòn nazal nan fen mo tankou « lang », « hing hang », « ping pong », « zing » e latriye. N ap jwenn <ng> sa a nan grafi ofisyèl ki nan lwa peyi a depi 1979.
19. O : O ! Apa w ap ban nou bon bèt sou òtograf kreyòl la !
20. Ò : Òtograf kreyòl la disponib pou moun aprann li ?
21. On : Onnè pou MIT-Ayiti k ap kontinye batay pou fè lang kreyòl la rive lwen. Ou ka ale sou Platfòm MIT-Ayiti a ak sou chenn YouTube MIT-Ayiti a pou w aprann Chante Alfabè Kreyòl La. Bèl bagay !
22. Ou : Ou kon bagay yo byen ! Ou se yon moun ki gen gwo fòs moral.
23. Oun : Ounfò ! Se la mwen jwenn fòs moral sa a !
24. P : Pawòl nan bouch ou pa manti ! Ki donk, ou si ounfò se sous fòs moral ou vre ?
25. R : Rechèch mwen fè. Tout moun ka fè li tou.
26. S : Se pa manti, non ! Se rechèch pou moun fè pou yo jwenn bon enfòmasyon sou lang kreyòl la, sou kilti nou tou.
27. T : Tanzantan m ale sou MIT-Ayiti pou m al gade ki travay y ap fè, ki nouvo resous yo pataje, e latriye. Ou ka fè sa tou pou w konnen pi plis sou mouvman lang kreyòl la e pou w aprann ak metrize lang kreyòl la byen.
28. Ui : Ui se yon lòt lèt ki bay anpil moun pwoblèm paske gen twòp manyèl lekòl ki pa suiv sa syans lengwistik montre nou. E poutan <ui> se youn nan grafèm ki byen tabli nan grafi ofisyèl kreyòl la depi 1979. Nou jwenn li nan : « uit », « zuit », « luil » e latriye. Sonje sa byen : <ui> se pa menm ak « wi » !
29. V : Vizite sit MIT-Ayiti a jodi a menm. Mwen gen yon bèl resous sou sit sa a tou. Tanpri, al gade l epi w ap jwenn yon bann ak yon pakèt lòt bèl resous sou sit la.
30. W : Woy ! Ou gen yon resous sou MIT-Ayiti tou ?
31. Y : Yon liv, wi. Objektif li se pou fè pwomosyon travay nan jaden kòm metòd aprantisaj aktif nan lekòl tèt an wo k ap ede ti moun yo kiltive pwòp manje yo. Liv la rele : « Legim : Nou kiltive l ! Nou manje l ! ».
32. Z : Zèv literè sa yo, fòk mwen al sou sit MIT-Ayiti a kounye a pou mwen li yo epi pou m aprann anpil bèl koze sou peyi m ! Pye kout pran devan !
Telechaje PDF la sou tout lajè ekran an.
Se Bernade Leonidas ki ekri dyalòg sa a ki nan videyo a kote li pran chak grenn lèt nan alfabè kreyòl la pou l bati yon fraz epi li envite Nadine Rigal Håkansson ak Nancy Sansaricq vin patisipe nan dyalòg la. Medam yo pale sou yon sijè ki enpòtan anpil pou lavni peyi nou : lekòl tèt an wo pou peyi tèt an wo. Dyalòg la te anrejistre pandan mwa d mas 2023 sou Zoom nan peyi Lasyèd kote twa medam sa yo ap viv depi byen lontan.
N ap envite aprenan yo, kòm aktivite aprantisaj aktif, pou yo kreye pwòp videyo pa yo pou yo relve defi alfabè a pandan y ap itilize grafi ofisyèl kreyòl la, epi tou, pou yo pataje videyo sa yo ak nou nan lyen sa a : http://mit-ayiti.net/kontribye/. Byen suiv egzanp Bernade bay nan videyo a, jwenn mo ki byen kadre ak chak grenn lèt nan alfabè a.
Bernade Leonidas fèt Pòtoprens epi li fè etid klasik li ann Ayiti kote li te grandi avèk grann li ansanm ak gran frè li nan komin Dèlma. Se nan peyi Lasyèd li fè etid inivèsitè nan kominikasyon. Se Lasyèd l ap viv depi plis pase 17 lane ; men, Ayiti toujou rete nan nanm li. Bernade travay nan plizyè òganizasyon nan peyi Lasyèd ki reyalize anpil pwojè ann Ayiti. Rèv li se pou l rive patisipe nan devlòpman peyi l tout jan l kapab.
Nadine Rigal fè tout etid primè l ak segondè l kay Mè Sakre Kè ann Ayiti. Aprè l te fin etidye seketarya, li kite Ayiti pou l kontinye etid li nan pedagoji preskolè nan peyi Lasyèd kote l ap travay depi plis pase 30 lane kòm pwofesè. Nadine esplike nou, nan peyi Lasyèd ki gen prèske 11 milyon moun, se lang syedwa ki sèvi kòm lang ansèyman. Sa se yon fason pou ti moun yo ka aprann pi byen.
Nancy Sansaricq fèt epi li leve Potòprens. Apre l te fini lekòl klasik, li te pati pou peyi Lasyèd, sa fè plis pase 40 lane. Jounen jodi a, se la l ap travay, depi plis pase trant lane, nan edikasyon e nan medsin natirèl. Peyi l toujou pwòch kè l. Se sa ki lakòz li te retounen Ayiti pou l travay pami gwoup pou devlopman fanm nan zòn Nan Bannan, Ans a Pit. Li te kontribye tou nan reyòganizasyon bibliyotèk Université Nouvelle Grande Anse. Priyorite Nancy se simaye konesans pou devlopman ak avansman kominote l.
Tèks : Bernade Leonidas
Videyo : Bernade Leonidas
Patisipan yo : Bernade Leonidas, Nadine Rigal Håkansson, Nancy Sansaricq
Edisyon ak revizyon : MIT-Ayiti