Resous sa a parèt nan seri : Dosye pedagojik sou literati lakay
Se Pwofesè Frenand Leger ki prepare materyèl sa
Konsiy : Ou pral reponn divès kalte kesyon sou pasaj tèks ki an ba la a (kesyon sou fòm, kontni, gramè, vokabilè, sentaks, semantik, estetik, e latriye). Pran san w pou w byen li pasaj ki nan paj 24 liv la, san w pa bliye lòt enfòmasyon nan paratèks ki sou kouvèti liv la. Se kon sa ou va kapab reponn tout kesyon yo avèk presizyon.
[Paratèks : Se yon konsèp literè Gérard Genette envante pou l klasifye tout eleman ki gen rapò avèk yon tèks prensipal , tankou yon liv, pa egzanp. Wòl paratèks la se fasilite konpreyansyon tèks prensipal la oswa liv la. Eleman ki antre nan konpozisyon paratèks la se tit, non otè, endikasyon sou kategori tèks la, prefas, dedikas, nòt, kritik, e latriye.]
1 : « Solèy ap febli, lajounen kòmanse dezabiye lannwit. Lanmè a ranmase kò li
2 : nan yon bèl rad gri pou akeyi lannwit lan. Yon ekip zwazo blan ap travèse li
3 : byen ba detanzantan. Tifi al chita sou sab lanmè a. Vag yo ap fè ale vini
4 : nan mitan kim. Genyen ki pi fò pase lòt ki vin niche arebò pye li tankou y ap
5 : envite li vin jwenn yo. Yon manman kochon pase ak yon pòtre douz,
6 : li anvayi lè a ak yon santò sondeble mele ak labou. Yon lòt moun ta ka bouche.
7 : nen li, men Tifi renmen sant lan. Li avanse sou sab la lè ti kochon yo fin pase
8 : pou vag yo karese pye l. Bon ti van ap pase sou li. Detanzantan, moun k ap
9 : pase bòdmè an kanpe pou fè ti koze avè l. Salitasyon se lizaj pa bò isit, men
10 : nanpwen long tankou yo. Fòk yo mande w pou moun yo, pou lòt yo, pou
11 : fanmi yo. Se lizaj. Lè tan an kòmanse frèt, li kite bòdmè an, li pase sou galri
12 : devan pou li gade moun k ap pase nan granchimen. Se kon sa, li wè Selimèn
13 : ap pase desann, nan mitan yon pakèt moun, yon panyen anba bra li.
14 : Sò Selimèn fè sa li wè li, li brip li kanpe devan kay Asela a. Nan pale, li esplike
15 : Tifi, nan moun li wè k ap desann yo, gen nan yo ki sot nan konbit. Jwavèl, yon
16 : grandon nan zòn nan, achte konbit Twapa a. Li achte konbit twa lòt moun ankò
17 : ki Karenaj ak Letan. Jwavèl posede trèz kawo tè, Selimèn fè yon bon rale sou
18 : koze Jwavèl lan pou li esplike li mesye sa se lajan ki Bondye li e se yon nonm
19 : Lenglensou batize gwo midi. »
Etap 1 – Aktivite miz an kontèks
Otè a ak zèv la
Saïka Céus se yon Ayisyèn ki ekri woman e ki te resevwa pri literè Henri Deschamps nan lane 2017 pou woman l ki rele « Tifi ». Saïka te fèt Pòtoprens nan lane 1990. Li etidye syans politik nan inivèsite. Li te anbasadè fanm pou Gouvènman Jenès Ayiti. Nan wòl li kòm anbasadè fanm, li te travay nan koze edikasyon ak kondisyon ti moun.
Istwa otè a rakonte nan woman Tifi dewoule nan Pòtoprens ak nan yon lokalite nan zòn Gonayiv yo rele Koridon. Saïka se moun Pòtoprens. Men, li te konn al pase vakans Koridon paske se la manman l moun.
Woman an rakonte istwa yon ti fi san non, yon ti moun ki te rete ak moun e ki t ap sibi esplwatasyon ak imilyasyon lakay boujwa. Yo te rele l « Tifi » paske yo te inyore idantite l. Se an kreyòl woman an ekri. Tifi se yon bèl istwa tradisyonèl nou ka klase nan kategori literati womantik kote otè ap pataje yon vizyon ideyalis li genyen pou bouk li, Koridon nan zòn Gonayiv, pou tout fanm ayisyèn defavorize yo, ak pou peyi l, Ayiti.
Kesyon sou otè a ak zèv la
A. Kesyon plizyè chwa – Sèvi ak tèks sila a ak sa k ekri nan liv la pou w chwazi repons ki pi kòrèk la. Mete repons ou chwazi yo an koulè gra oswa nan yon koulè ki diferan.
1. | Nan ki vil ann Ayiti Saïka Céus, otè liv la, te pran nesans ? |
a) | Gonayiv |
an) | Pòtoprens |
b) | Koridon |
ch) | Okenn nan repons yo |
2. | Nan ki lane yo te pibliye Tifi ? |
a) | Nan lane mil nèf san katreven dis |
an) | Nan lane de mil dis |
b) | Nan lane de mil dis sèt |
ch) | Okenn nan repons yo |
3. | Nan ki domèn Saïka Céus fè etid avanse l ? |
a) | Nan domèn syans matematik |
an) | Nan domèn diplomasi |
b) | Nan domèn syans politik |
ch) | Okenn nan repons yo |
4. | Ki wòl Saïka Céus te jwe nan Gouvènman Jenès la ? |
a) | Li te minis sante |
an) | Li te anbasadè sou kesyon edikasyon ak ti moun |
b) | Li te minis planifikasyon |
ch) | Okenn nan repons yo |
5. | Ki moun Saïka Céus genyen nan lokalite Koridon ? |
a) | Li gen fanmi sou bò manman li |
an) | Li gen fanmi sou bò papa li |
b) | Li gen pitit li |
ch) | Okenn nan repons yo |
6. | Ki rapò Saïka Céus te devlope ak lokalite Koridon ? |
a) | Se la li grandi |
an) | Se la li te lekòl |
b) | Se vakans li te konn al fè la |
ch) | Okenn nan repons yo |
7. | Sou ki gouvènman woman Tifi a te pran Pri literè Henri Deschamps? |
a) | Sou gouvènman Jovenel Moïse la |
an) | Sou gouvènman René Préval la |
b) | Sou gouvènman Michel Martelly a |
ch) | Okenn nan repons sa yo |
8. | Sou ki tematik prensipal Saïka Céus ekri woman Tifi a ? |
a) | Sou tematik edikasyon ti moun |
an) | Sou tematik ti moun gason ki restavèk |
b) | Sou tematik ti moun fi ki restavèk |
ch) | Okenn nan repons yo |
Etap 2 – Kesyon sou fòm ak kontni ekstrè tèks la
[N ap jwenn definisyon divès konsèp ki nan kesyon sa yo an ba nèt,
nan fen dokiman an]
1. | Nan ki kategori literè nou ta klase ekstrè a ? |
a) | Teyat dramatik |
an) | Fiksyon womanèsk |
b) | Pwezi |
ch) | Kont fòlklorik |
2. | Nan ki lentansyon otè a te ekri tèks la? |
a) | Lentansyon otè a se konvenk lektè a epi fè l chanje konpòtman |
an) | Lentansyon otè a se dekri yon sèn nan yon istwa l ap rakonte pou l divèti lektè a |
b) | Lentansyon otè a se enfòme lektè a sou sa k ap pase nan reyalite a |
ch) | Lentansyon otè a se esplike yon fenomèn pou pèmèt lektè a byen konprann li |
3. | Nan ki kategori tèks nou ta klase ekstrè a ? |
a) | Agimantatif/Enjonktif |
an) | Enfòmatif/Esplikatif |
b) | Naratif/Deskriptif |
ch) | Espresif/Dyalòg |
4- | Ki kalte sekans tèks fraz sa a ye : « Solèy ap febli, lajounen kòmanse dezabiye lannwit » ? |
a) | Se yon sekans tèks enfòmatif |
an) | Se yon sekans tèks deskriptif |
b) | Se yon sekans tèks agimantatif |
ch) | Se yon sekans tèks naratif |
5. | Ki kalte sekans tèks fraz sa a ye : « Lè tan an kòmanse frèt, li kite bòdmè a » ? |
a) | Se yon sekans tèks enfòmatif |
an) | Se yon sekans tèks deskriptif |
b) | Se yon sekans tèks agimantatif |
ch) | Se yon sekans tèks naratif |
6- | Ki kalte fokalizasyon otè tèks la adopte nan ekstrè a ? |
a) | Fokalizasyon entèn |
an) | Fokalizasyon ekstèn |
b) | Fokalizasyon zewo |
ch | Okenn nan repons yo |
7. | Ki mòd narasyon otè tèks la adopte nan ekstrè a? |
a) | Narasyon premyè pèsòn |
an) | Narasyon dezyèm pèsòn |
b) | Narasyon twazyèm pèsòn |
ch) | Okenn nan repons yo |
8. | Ki fonksyon naratif Tifi nan ekstrè a ? |
a) | Tifi se pèsonaj prensipal istwa a |
an) | Tifi se naratè k ap rakonte istwa a |
b) | Tifi se otè ki envante epi ekri istwa a |
ch) | Okenn nan repons yo |
9. | Ki sa k ap pase nan ekstrè a ? |
a) | Li te prèske fin aswè lè Tifi te chita sou sab lanmè a ap admire lanati pandan vag yo ap karese pye l |
an) | Pandan Tifi chita bòdmè a, anpil moun k ap pase fè ti konvèzasyon avèk li |
b) | Pandan Tifi sou yon galri, li wè Selimèn ki ba li bon nouvèl sou ki jan pou l jwenn travay |
ch) | Tout repons yo kòrèk |
10. | Nan 1e ak 2èm liy ekstrè a, otè a ekri « lanmè a ranmase kò li nan yon bèl rad gri pou l akeyi lannwit lan ». Ki figi retorik oswa figi estil ki gen nan segman sa a ? |
a) | Se metonimi |
an) | Se pèsonifikasyon |
b) | Se konparezon |
ch) | Okenn nan repons yo |
11. | Nan 1e liy ekstrè a, otè a ekri « lajounen kòmanse dezabiye lannwit ». Ki sa segman sa a vle di ? Segman sa a vle di nan sans pwòp: |
a) | Lajounen kòmanse mete rad sou lannwit |
an) | Lajounen kòmanse retire rad sou lannwit |
b) | Solèy ap bese epi lannwit kòmanse |
ch) | Tout repons yo kòrèk |
12. | Nan 5èm liy ekstrè a, otè a ekri « manman kochon pase ak yon pòtre douz ». Gen yon erè nan mo “pòtre”. Mo kòrèk la se «pòte». Ki sa segman « pòte douz » la vle di ? Segman sa a vle di nan sans pwòp : |
a) | Manman kochon an pase ak yon dizèn pitit |
an) | Manman kochon an pase ak yon douzèn pitit |
b) | Manman kochon an pase ak 12 ti kochon ki pa pitit li |
ch) | Tout repons yo kòrèk |
13. | Nan 6èm liy ekstrè a, yo ekri « yon santò sondeble mele ak labou». Ki kategori gramatikal mo « santò » a epi ki sans pwòp li nan kontèks fraz la ? |
a) | Se yon non komen ki gen sans « move odè » |
an) | Se yon non pwòp ki gen sans « bon odè » |
b) | Se yon adjektif kalifikatif ki gen sans « move sant » |
ch) | Okenn nan repons yo |
14. | Nan 6–7èm liy ekstrè a, otè a ekri « yon lòt moun ta ka bouche nen li ». Pou ki rezon yon lòt moun ta ka bouche nen li si li respire santò a ? |
a) | Paske sant sondeble mele ak labou agreyab anpil |
an) | Paske sant sondeble mele ak labou se tankou pasen |
b) | Paske sant sondeble mele ak labou pa agreyab ditou |
ch) | Okenn nan repons yo |
15. | Nan 11èm liy ekstrè a, pou ki rezon Tifi deplase kite bòdmè a ? |
a) | Se pou Tifi te ka al gade moun k ap pase sou granchimen an |
an) | Se paske tan an te koumanse frèt bò lanmè a |
b) | Se paske te gen twòp moun k ap salye Tifi bòdmè a |
ch) | Tout repons yo kòrèk |
16. | Nan 11–12èm liy ekstrè a, pou ki rezon Tifi pase sou galri a ? |
a) | Se paske Tifi te bezwen pale ak Selimèn sou konbit Javwèl la |
an) | Se paske li te kòmanse fè frèt bò lanmè a |
b) | Se pou Tifi te ka al gade moun k ap pase sou gran chimen an |
ch) | Tout repons yo kòrèk |
17. | Nan 14èm liy ekstrè a, otè a ekri « li brip li kanpe ». Ki kategori gramatikal mo « brip » la epi ki sans pwòp li nan kontèks fraz l? |
a) | Se yon vèb ki gen yon sans advèb « imedyatman » |
an) | Se yon onomatope ki gen sans advèb « tousuit » |
b) | Se yon non komen ki gen sans adjektif « toudenkou » |
ch) | Okenn nan repons yo |
18. | Nan 15èm liy ekstrè a, otè a ekri « sot nan konbit ». Ki kategori gramatikal mo « konbit » la epi ki sans pwòp li nan kontèks fraz la ? |
a) | Se yon non komen ki gen sans « travay tè endividyèlman » |
an) | Se yon adjektif ki gen sans « travay tè pou moun » |
b) | Se yon non komen ki gen sans « travay tè ann ekip » |
ch) | Okenn nan repons yo |
19 | Nan 17èm liy ekstrè a, konbyen kawo tè Jwavèl posede ? |
a) | Li posede 16 kawo tè |
an) | Li posede 13 kawo tè |
b) | Li posede 3 kawo tè |
ch) | Okenn nan repons yo |
20. | Nan 18èm liy ekstrè a, ki sa segman sa a vle di « se lajan ki Bondye li » ? |
a) | Sa vle di Jwavèl renmen Bondye anpil |
an) | Sa vle di Jwavèl renmen lajan anpil |
b) | Sa vle di Jwavèl priye Bondye anpil |
ch) | Okenn nan repons yo |
B. Kesyon Vrè oswa Fo – Sèvi ak tèks la pou w chwazi repons ki kòrèk la. Se pou w mete repons ou chwazi yo an koulè gra oswa nan yon koulè ki diferan.
1 | Sant sondeble mele ak labou a fè Tifi plezi. | V / F |
2 | Tifi renmen sansasyon vag lanmè yo k ap karese pye l. | V / F |
3 | Moun k ap salye Tifi yo gen bon lizaj. | V / F |
4 | Moun k ap salye Tifi yo pa koze long ditou. | V / F |
5 | Selimèn ap pase desann nan mitan anpil moun. | V / F |
6 | Selimèn ap pase desann ak anyen anba bra l. | V / F |
7 | Jwavèl se yon peyizan ki gen yon bann tè. | V / F |
8 | Jwavèl se youn nan peyizan ki pi rich nan zòn nan. | V / F |
9 | Jwavèl achte konbit nan 13 lokalite. | V / F |
10 | Dapre Selimèn, yo te batize Jwavèl nan legliz katolik a midi. | V / F |
C. Kesyon ki mande repons louvri – Sèvi ak tèks la pou w reponn kesyon sa yo. Se pou w reponn kesyon yo ak fraz ki konplè.
1. | Pou ki rezon Tifi renmen sant sondeble ak labou alòs ke pifò moun pa renmen sa ? |
2. | Bay o mwen 4 mo kreyòl ki nan menm fanmiy leksikal semantik avèk « santò ». |
3. | Idantifye 2 metafò ak 2 pèsonifikasyon nan ekstrè tèks la. Ekri segman fraz ki gen figi retorik sa yo an ba la a. |
4. | Bay yon sinonim an kreyòl pou mo « grandon ». Ki eleman nan tèks la ki endike ke Jwavèl se yon grandon. |
D. Redaksyon – Nan fen ekstrè a, pou ki rezon Selimèn pran san l pou l bay Tifi bon jan esplikasyon sou konbit Jwavèl la ? Kouman esplikasyon Selimèn yo ka itil Tifi ? Sèvi ak enfòmasyon konkrè ou jwenn nan tout gwo pasaj nan kòmansman liv la ki soti nan premye paj la pou rive nan paj 29 pou w ekri yon minimòm 300 mo kòm repons.
Esplikasyon kèk nan konsèp ki nan kesyon yo :
Metonimi : Se yon figi estil kote yo ranplase yon mo avèk yon lòt mo a kondisyon sans 2 mo sa yo rapwoche sou plan idantifikasyon. Egzanp : Nan fraz sa a, Fanm nan ap bwè yon prestij byen glase, se mo « prestij » la ki vin ranplase mo « byè » a.
Pèsonifikasyon : Se yon figi estil kote yo bay bèt oswa objè karakteristik moun. Egzanp : Gwo van an fè pye bwa yo koube do yo byen ba.
Konparezon : Se yon figi estil kote yo rapwoche 2 eleman. Egzanp : Choukoun bèl tankou lakansyèl.
Fokalizasyon : Se pèspektiv oswa pozisyon naratè a adopte pou l rakonte yon istwa li envante. Se poutèt sa, yo konn sèvi ak mo naratè a nan plas fokalizasyon. Gérard Genette fè diferans ant sa li rele fokalizasyon entèn, fokalizasyon ekstèn, epi fokalizasyon zewo.
Dapre Genette, ou ka di gen fokalizasyon entèn, se lè yo prezante aksyon ak evennman istwa a dapre pèspektiv yon naratè ki se yon pèsonaj nan istwa a tou. Souvan, se pwonon premye pèsòn yo itilize pou rakonte istwa ki adopte yon fokalizasyon entèn. Menm lè yo itilize pwonon twazyèm pèsòn, se toujou nan pèspektiv pèsonaj la, ki li menm toujou sibjektif, yo rakonte aksyon ak evennman yo.
Lè naratè a se yon senp obsèvatè ki pa enplike nan istwa l ap rakonte a, ou ka di gen fokalizasyon ekstèn. Yon naratè ekstèn se yon naratè ki pa konn sa k ap pase nan tèt pèsonaj yo. Sa vle di li pa nan pozisyon pou l ni pote opinyon ni pote jijman sou sa l ap rakonte a. Kòm naratè sa a pa patisipe nan aksyon istwa a, li ka rakonte l nan yon pèspektiv ki objektif. Se pwonon twazyèm pèsòn ki pi souvan sèvi nan istwa ki rakonte dapre fokalizasyon ekstèn.
Kanta pou fokalizasyon zewo li menm, karakteristik prensipal li chita sou otorite yon naratè k ap rakonte aksyon ak evennman yo tankou yon «bondye ». Ki vle di li konn tout sa k ap pase nan tèt tout pèsonaj epi li o kouran tout detay sou lavi chak pèsonaj ak sou tout detay aksyon ak evennman yo nan chak moman istwa a. Kòm naratè a gen konesans total, li ka pote nenpòt ki jijman l vle sou nenpòt ki aspè nan istwa l ap rankonte a.
Nan esplikasyon ki an ba la a, nou adapte definisyon nou jwenn nan travay Jean Pierre Antoine (Pwofesè nan Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta d Ayiti):
Tèks enfòmatif : Se yon tèks kote otè a analize yon fenomèn oubyen yon lide pou fè li parèt byen klè. Li bay anpil esplikasyon ak presizyon. Tèks enfòmatif la kapab didaktik si li gen misyon pou li fè lektè yo dekouvri yon enfòmasyon oubyen aprann yon bagay nouvo.
Tèks naratif : Se yon tèks kote otè a (ki se naratè a) ap rakonte yon evennman ki te pase. Nou jwenn tèks naratif nan woman, kont, fab ak senaryo fim. Tèks sa yo sèvi ak pawòl ki ede nan detaye nan ki moman aksyon yo ap dewoule (« answit » , « nan demen » , « epi » , « apre sa » ). Pifò vèb yo se vèb kote yo montre w pèsonaj yo ap fè aksyon.
Tèks agimantatif : Se yon tèks kote otè a ap chache demontre, pwouve oubyen konvenk lektè a. Nan yon tèks agimantatif, otè a ap defann yon tèz oswa yon pozisyon pandan l ap bay agiman, done ak egzanp. Yo rele sa agimantasyon.
Tèks deskriptif : Se yon tèks kote otè a ap chache kreye yon pòtre ak pawòl li pou lektè a rive imajine san twòp difikilte yon konsèp oswa yon objè. Ki donk, lektè a ap rive imajine yon konsèp oswa yon objè san li pa obsève l dirèk dirèk. Nan kalte tèks sa yo, otè a itilize anpil adjektif kalifikatif ak lòt mo ki bay anpil enfòmasyon sou sa l ap dekri a.
Doktè Frenand Leger se yon pwofesè pèmanan nan Carleton University ki nan vil Otawa, kapital peyi Kanada. Sa fè 18 lane depi doktè Leger ap anseye lang kreyòl, lang franse, lenguistik ak literati frankofòn nan nivo inivèsitè. Doktè Leger fè yon lisans nan domèn syans edikasyon, yon metriz nan lenguistik aplike epi yon doktora nan literati frankofòn. Li fè rechèch nan domèn ansèyman lang franse ak kreyòl, nan literati frankofòn, ak sou sitiyasyon sosyolenguistik peyi d Ayiti. Li te patisipe nan pwojè diksyonè bileng kreyòl-angle Enstiti Kreyòl Inivèsite Indiana a. Li pibliye plizyè atik syantifik sou kesyon lang, kilti ak literati peyi d Ayiti. Li se otè yon manyèl kreyòl ki rele « Pawòl Lakay : Haitian-Creole Language and Culture for Beginners and Intermediate Learners ». Nan pwochen liv li, ki pral parèt byento, li analize evolisyon kategori tèks fiksyon naratif kout nan literati ayisyen ; l ap prezante analiz li yo sou plan istorik, estetik epi teyorik.