Sa gen lontan depi kèk pami gwo save ki pi zele nan batay kont dwa lengwistik Pèp Souvren an ap chache tout kalite atifis pou yo mande « parite lengwistik » ak « bilengwis ekilibre » nan peyi a. Men, mezanmi, ki jan pou yon « lang achte » (franse) ke sèlman yon ti zuit pousantaj Ayisyen metrize fen e byen ta ka pale sou menm pye egalite e nan menm nivo konpetans ak yon lang nasyonal (kreyòl), yon « lang rasin » ki rele 100% Ayisyen chè mèt chè mètrès. Wi, kreyòl la se « sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm » menm lè kreyòl ak franse se 2 lang « ofisyèl » (Atik 5 Konstitisyon 1987 la). Enben, se ilizyon « parite lengwistik » sa a Pwòf Ti Jan Bosal (Jean Casimir), Pwòf Michel DeGraff ak Grenadye Djeride Jean-Baptiste ap ede n konprann nan resous sa a.
Kreyòl se lang rasin ; franse se lang achte : Brase lide ant Pwòf Jean Casimir ak Pwòf Michel DeGraff sou ilizyon parite lengwistik ant kreyòl ak franse
- Nan videyo a, Pwofesè Michel DeGraff kritike pawòl sèten plim e ank ki panse fòk ta gen « parite lengwistik » ak « bilengwis ekilibre » pou kreyòl ak franse ann Ayiti. Nan analiz pwòf la, se depi an patan nou fè majorite sa a ki pale kreyòl sèlman yon gwo enjistis lè n ap ba yo manti pou verite — kòm ki dirè fòk yo ta rive pale kreyòl (« lang rasin ») ak franse (« lang achte ») NAN MENM NIVO KONPETANS pou yo ka jwi dwa yo kòm moun. Ki lyen ou ka fè ant konplo lengwistik anti demokratik sa a ak kèk lòt gwo konplo ekonomik e politik ki toujou ap eseye bloke souvrènte ak devlòpman nasyonal ? Ki travay ou panse ki ta dwe fèt nan sosyete sivil la pou n kolabore ak pèp souvren an nan rezistans kont konplo sa yo ?
- Nan videyo a, Pwòf Ti Jan Bosal (Casimir) di kon sa : « Depi 1492, majorite a ki pale kreyòl pa janm jwenn yon gouvennman ki pale menm lang ak li ». Ki jan w panse « defòmasyon » Pwofesè DeGraff dekri nan videyo a ankouraje pratik esklizyon lengwistik sa a ? Èske w ka idantifye kèk inisyativ ou panse otorite yo (otorite leta oswa otorite entelektyèl) oswa sosyete sivil la ta dwe antreprann pou kaba pratik defòmasyon ak esklizyon sa yo ?
Tanpri, konsilte atik Pwòf Ti Jan Bosal yo nan lyen sa a https://dev.mit-ayiti.net/seri/istwa-lakou-a/ pou n gade ki jan Pèp Souvren an te toujou reziste kont pratik diskriminatwa sa yo ; tradisyon rezistans sa yo ka enspire analiz nou.
Se Djeride Jean-Baptiste ki elabore kesyon sa yo.