Sitiyasyon peyi d Ayiti jounen jodi a envite chak Ayisyen konsekan reflechi sou ki pi bon mannyè nou ka fè yon revolisyon kiltirèl — pou n kase chenn mantal neyo kolonyal yo san vyolans. Se travay sa a Grenadyèz Carlène JEAN-PAUL ap ede anseyan ak aprenan yo fè nan yon plan leson sou istwa Batay Vètyè, 18 novanm 1803.
Objektif plan leson sa a se ede aprenan yo idantifye zouti ki ka ede yo jwenn viktwa nan yon lòt 18 novanm, san vyolans, pou yon demen miyò.
Klas : 5yèm ane fondamantal
Matyè : Syans Sosyal
Tèm : Istwa d Ayiti
Objektif espesifik : Apre seyans lan, aprenan yo ap kapab idantifye zouti pou yo chache fè yon lòt 18 novanm, san vyolans, pou yon demen miyò.
Kontni : Kèk zouti k ap ede n fè yon lòt 18 novanm
Dire : 45 minit
Materyèl : Kaye, plim, kreyon, tablo, planch (desen)
Miz an tren (3 minit) : Anseyan ak aprenan ap chante chan sa a :
Devan Vètyè, drapo n te fyè
Boulèt ak mitray t ap pase wete zantray
Capois La Mort ki pa janm pè lanmò
Di : « Ann avan.
Nou pa gen dwa pè blan ! »
Grenn bal fè lapli, tout nèg t ap ri
Rochambeau pran kriye « Bravo »
Lè l wè yon drapo koulè ble e wouj t ap monte alaso.
Dekouvèt (20 minit) : Divize aprenan yo an plizyè gwoup. Chak gwoup ap gen 4 oubyen 5 aprenan. Itilize yon paj kaye pou trase 3 kolòn.
Konnen | Vle konnen | Aprann |
Mande chak gwoup pou yo reflechi, brase lide antre yo epi ekri sa yo konnen e sa yo vle konnen sou zouti sa yo ki te sèvi nan Batay Vètyè. Ankouraje yo pataje repons yo sou kesyon sa yo :
- Ki sa « revolisyon » vle di ? Ki sa sa vle di lè n di Batay Vètyè a se te dènye batay nan revolisyon ki te mennen peyi a pran endepandans li nan dat 1e janvye 1804 ?
- Ki zouti « Lame endijèn » la te itilize pou yo te genyen Batay Vètyè a ?
- Nan sitiyasyon peyi a ye jounen jodi a, sanble nou bezwen yon 2yèm revolisyon ? Ki kalite revolisyon nou bezwen ?
- Èske zouti sa yo ki te sèvi zansèt nou yo nan Batay Vètyè toujou itil jounen jodi a pou n rive fè 2yèm revolisyon sa a nan mitan frè ak sè ayisyen parèy nou ? Esplike repons ou.
- Idantifye 5 nouvo zouti k ap ka ede n fè 2yèm revolisyon sa a jounen jodi a ?
Sentèz (8 minit) : Anseyan an mande klas la pou yo idantifye 5 zouti ki ka ede n fè yon lòt revolisyon tankou sa 18 novanm 1803 a, men, san vyolans. Kòman n ka fè yon lòt moun konprann nouvo zouti sa yo ?
Evalyasyon (5 minit) : Sou kaye yo, aprenan yo ap gen pou yo fè yon trè pou relye chak nan 5 zouti sa yo ak enpòtans yo genyen pou rive fè yon lòt revolisyon nan mitan frè ak sè ayisyen nou yo.
Zouti | Enpòtans zouti a | ||
1. | Dyalòg | a. | Chak aprenan se lidè nan zòn li. |
2. | Ankadreman jèn yo | an. | Zouti enfòmatik k ap kore aprantisaj. |
3. | Antreprenarya | b. | Ede wè lòt jenerasyon ki prè pou sèvi Ayiti. |
4. | Teknoloji nimerik | ch. | Ede nou jwenn antant. |
5. | Lidèchip | d. | Kreye biznis k ap pwofite tout peyi a. |
Pwolonjman (3 minit) : Aprenan yo ap kontinye mande moun nan antouraj yo 5 lòt zouti ki ka kontribye nan revolisyon jodi a, san vyolans pa ladan l.
Gade PDF la sou tout lajè ekran an.
Carlène JEAN-PAUL se anseyan-nòmalyen. L ap viv nan vil Gonayiv e se la l ap travay tou. Li resevwa fòmasyon nan pwogram Anseye Pou Ayiti (APA). Li fè benevola nan pwogram Alfabetizasyon nan Gonayiv (ALFAGO). Li se ko-fondatris Rezo Fòmatè pou yon Edikasyon Modèn (REFÒMEM) k ap travay sou fòmasyon anseyan sitou sila yo ki nan zòn pi rekile yo. Li se manm asosye Centre Pédagogique de Développement Professionnel (CEPEDEP) ki se yon lekòl nòmal ak lekòl jadinyè k ap ouvri ane sa a (an 2022). Li se fòmatris pou devlopman pwofesyonèl anseyan. Li pran fòmasyon sou fasilitasyon, animasyon ak prezantasyon modil. Li travay, an patikilye, ak ti moun ki gen difikilte aprantisaj. Epi, tou, li travay sou ankadreman adolesan fi ki sibi vyolans seksyèl e ki fè ti moun anvan yo te pare pou sa.