Matematik se bèl mèvèy

Comment Icon 1 Favorite Icon 0

Matèmatik se bèl mèvèy, kreyativite, ak amizman.

An nou anseye l kon sa.

Moun ki fanatik Alis nan Peyi Mèvèy fenk sot selebre anivèsè istwa sa a.  Yo te òganize plizyè evènman kreyatif tankou jwèt kastèt ak jwèt ki gen rapò ak tan — e yo gentan ap prepare lòt egzibisyon sou Alis pou pita. Alis nan Peyi Mèvèy  se yon liv pou timoun ki premye pibliye nan lane 1865.  Istwa sa a,  ki soti tou dwat nan imajinasyon yon matematisyen, pa janm sispann ankouraje n chache konnen pandan n ap amize nou.

Men, èske lekòl rive fè nou dekouvri yon rapò ant matematik ak kreyativite? Gen anpil diskisyon nan monn oksidantal la sou ki jan pou nou mete jevrin nan matematik pou klas segondè yo : kritik yo di eksperyans lan anniyan oswa li san sans pou majorite etidyan yo. Ekspè k ap suiv dosye entèrè piblik ak desizyon k ap pran yo di elèv yo bezwen devlope konpetans nan panse kritik, kreyativite, kominikasyon ak kolaborasyon.

Matematisyen, filozòf ak edikatè, yo menm tou yo enterese nan enèji ak kontantman ki genyen nan eksprime kreyativite, nan envansyon, nan wè bèl mèvèy e menm nan sa nou ta ka rele yon « lanmou pou aprann ».

Matematik gen tout karakteristik nou jwenn nan paragraf pi wo a, alòs dapre mwen sa ki ta sanble manke nan matematik klas segondè yo se matematik la menm.

M ap travay kounye a avèk plizyè kòlèg nan Queen’s University (Inivèsite Queen’s) ak University of Ottawa (Inivèsite Otawa) pou n devlope RabbitMath. Sa se yon kourikoulòm pou klas tèminal nan lekòl segondè.  Nou kreye kourikoulòm sa a pou n ede elèv yo travay ansanm nan yon fason ki kreyatif kote elèv yo angaje tèt yo nèt nan materyèl la. Preparasyon m pou travay sa a se karant lane mwen pase ap kolabore avèk plizyè pwofesè nan klas segondè yo.

Nou antre nan yon  patenarya ak plizyè pwofesè k ap anseye matematik nan klas onzyèm ak douzyèm ane [ki se ekivalan reto ak filo nan sistèm ayisyen an —N.E.].   Se nan kad patenarya sa a nou pral eseye kourikoulòm RabbitMath la nan lane k ap vini yo la a.

Woman Matematik Yo

Nan klas segondè yo lè etidyan yo ap etidye literati, teyat oswa atizay kreyatif, koukikoulòm lan konsantre sou sa nou ka rele zèv atistik sofistike ki konn ap dekri batay nou ak viktwa nou nan lavi.

Men, jounen jodi a, nan kalte matematik y ap anseye lekòl la, se raman yo fè yon bagay kon sa.  Etidyan yo pa an kontak ak pwojè ki mande imajine ki jan matematisyen pwofesyonèl rezoud pwoblèm ki nan monn lan  oswa ki jan yo eseye konprann mistè ki nan monn lan.

Jo Boaler, ki se yon matematisyen nan Stanford Graduate School of Education (Lekòl Nòmal nan Inivèsite Stanford pou nivo metriz ak doktora), di kon sa :

« Se yon kokenn chenn falèz ki separe vrè matematik la ak matematik y ap anseye nan lekòl la e sa fè pati rasin pwoblèm n ap konfwonte nan ansèyman matematik nan lekòl yo ».

Konsènan matyè matematik yo, Boaler remake :

« Etidyan yo gen tandans di se kalkil, metòd ak fòmil ki tout bagay la. Men, lè nou mande matematisyen yo ki sa matematik ye, y ap reponn nou li se yon syans ki etidye aranjman, e sa se yon syans ki estetik, ki kreyatif epi ki bèl. Enben, pou ki sa gen kalte diferans sa a ant deskripsyon ki sot nan bouch elèv yo epi deskripsyon ki sot nan bouch matematisyen yo? »

Li raple nou tou nou p ap wè gwo diferans sa ant etidyan ak pwofesè literati yo si nou ta mande yo ki sa literati ye.

Pandan nou t ap mete kourikoulòm RabbitMath la sou pye, nou ajoute pwoblèm ak aktivite ke ekip la te twouve ki ankouraje angajman epi tou ki ka poze defi pou entelijans ak imajinasyon nou. Sou baz jan yo fè l nan kou literati yo, nou rele modèl nou devlope yo « woman matematik ».

Egzanp : Nan youn nan pwojè yo, nou envite etidyan yo pou yo travay sou mare wot ak mare bas nan lanmè. Li t ap difisil anpil pou nou ta jwenn yon fenomèn ki pi frapan tankou bèl efè yon lalin ki byen lwen genyen sou gwo mouvman leve rale nan lanmè BAY OF FUNDY (yon zòn Nova Scotia nan peyi Kanada).

Angajman Bò Kote Pa Etidyan

Nan lane swasanndis yo, Seymour Papert, yon gwo matematisyen e enfòmatisyen nan MIT (« Massachusetts Institute of Technology » oswa Enstiti Teknoloji Masachousèt, an kreyòl), te remake ke nan kou atizay yo etidyan yo, menm jan ak atis ki pi avanse yo, te angaje nan pwojè ki entèrese yo pèsonèlman.Objektif Papert se te pou n te rive kapab di menm bagay la pou yon etidyan matematik.

Mwen te fè yon eksperyans kon sa an 2013 lè m te evalyatè entèn pou depatman teyat nan Queen’s University. Mwen te sezi wè devouman kreyatif etidyan yo lè y ap prepare pou yon pèfòmans. Poutan se pa tout ki te aktè. Te gen chantè, mizisyen, ekriven, konpozè, direktè ak teknisyen.

Nan modèl kourikoulòm Papert la, etidyan ki gen divès kapasite ak enterè diferan travay ansanm sou pwojè kote yo deside ansanm sou pwoblèm, estrateji epi objektif.

Papert se te yon enfòmatisyen pyonye ki te konprann ki jan etidyan yo te ka sèvi ak teknoloji nimerik pou pou yo antre danble nan pwosesis pou yo konsevwa epi konstwi. Papert te itilize sistèm enfòmatik LOGO kòm platfòm nimerik pou esplorasyon sa a. Kapasite LOGO te limite. Men, ide Papert la te vrèman depase epòk li a.

Etidyan nan klas RabbitMath yo travay ansanm epi yo itilize Python kòm langaj pwogramasyon pou yo konstwi dyagram ak animasyon pou yo rive pi byen konprann esperyans y ap fè avèk resò ak kawotchou, epi miwa ak mizik. Yo gen pou yo kreye videyo ki ka esplike kamarad yo ki jan yon sistèm sofistike fonksyone.

Jodi a, teknoloji, entènèt, sistèm aljèb enfòmatik ansanm ak pwogramasyon matematik, tou sa ban nou posibilite pou nou angaje san pèdi tan nan pwosesis konsepsyon ak fabrikasyon — ki se egzakteman sa Papert te vle. Platfòm ki kore RabbitMath la rele Jupyter Notebook. Platfòm sa a sòti tou dwat nan konsèp LOGO a.

Konpetans Teknik

Sa fè twò lontan depi pwogrè nan ansèyman matematik nan lekòl vin bloke nan yon vye konfli rizib ant swadizan matematik « tradisyonèl »  ak matematik ki chita sou « dekouvèt ». « Mat tradisyonèl » la ta genlè konsantre sou konesans teknik alòs ke « mat dekouvèt » la li menm ta genlè konsantre sou konpetans  ki ta dwe devlope nan fè rechèch [egal   : chache konnen nan fè esperyans pou dekouvri prensip matematik].

Men, vreman vre, pa gen okenn konfli antre 2 kalte ansèyman matematik sa yo. O kontrè, youn kore lòt san pwoblèm. Tout bagay ki konplike yon moun ap regle — sòti nan dirije yon òkès senfonik pou rive nan mete yon satelit ann òbit — mande pou n makonnen metriz aspè teknik avèk kiryozite kreyatif. 

Matematisyen Keith Devlin ki nan Stanford University Graduate School of Education konseye paran yo pou yo ede pitit yo metrize sa li rele « bon sans nimerik ».    Egal : Timoun yo dwe « alèz kou Blèz nan manipilasyon chif e nan konprann sans chif yo. Epi yo dwe maton nan kalkil mantal pou yo ka fè konparezon epi demele yo nan monn lan san grate tèt ». Men, pou etidyan ki pral fè karyè yo nan syans, teknoloji oswa jeni, li di konpetans sa yo p ap ase. Non sèlman fòk yo byen konprann metòd sa yo, men, tou, fòk yo metrize  tout konsèp ki nan nannan metòd sa yo.  Ki donk fòk yo gen kapasite pou yo analize epi travay ak sistèm ki konplike.

Yon kou matematik nan klas segondè se yon ekosistèm ki rich kote n ap jwenn talan, kapasite, objektif ak tanperaman ki diferan.

Objektif yon edikatè ta dwe pou pèmèt gwoup etidyan tout plimay travay ansanm nan yon kou matematik avèk menm nivo pasyon ak kreyativite nou konn wè kay etidyan teyat yo, oswa pèmèt yo pataje menm kalte pasyon yo ta gen lakay yo lè y ap ekri woman.

OTÈ : PETER TAYLOR (The Conversation, 18 Jen 2019)
Vèsyon orijinal: https://phys.org/news/2019-07-mathematics-creativity-fun.html
TRADIKSYON KREYÒL : Marc-kensen Curvinglines, 20 Jen 2019
EDITÈ : Stevens Azima pou Inisyativ MIT-Ayiti
MO KLE : aprantisaj aktif ; angajman ; matematik ; S.T.En.M. ; teknoloji

Remak

Abone
Anonse
guest
1 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Marc-Kensen Curvinglines

Wi se sa menm wi. Yo redui matematik a yon ansanm operasyon poutan matematik plis pase sa. Dayè li se yon zouti pou dekouvri relasyon ki kache tankou sa a : se menm fòs pezantè ki fòse yon wòch nou voye anlè desann anba ki kenbe Latè tou ann òbit arebò Solèy la. Se matematik tou ki rive mete nan menm kategori sa ki parèt depaman men ki an reyalite menm bagay tankou nou konn jwenn nan fonksyon izomòfik yo. Li se yon zouti atistik tou pou nou konseptyalize bote. Fonksyon trigonometrik yo dekri fenomèn peryodik ki san dout gen… Li plis &raquo: