Resous sa a parèt nan seri : Istwa lakou a
Men, leta pa wè se pa endividi ki fè yon sosyete. Yon sosyete se yon makonn kominote ; e se kominote ki fè endividi a ; kominote se gadò endividi. Kominote a bay moun egzistans, li ba yo dwa ansanm ak volonte pou defann dwa yo. E se sou baz dwa moun lalwa kale. Lalwa pa bay dwa, li rekonèt dwa. Se kominote kote w soti a k ap ba w fòs ak dwa pou w reklame sa lasosyete dwe w. Pa gen leta ki ka efase sa.
Objektif Pwofesè Jean Casimir nan seri twòkèt sa yo se reponn kesyon fondamantal sou istorik pèp souvren an nan pwòp esperyans pèp souvren sa a kòm yon gwoup abitan ki gran moun tèt li. Twòkèt sa yo envite nou chache chay istwa ansyen nou yo depi Lafrik Ginen pase Sen Domeng rive Ayiti jounen jodi a. Chak nan twòkèt sa yo ap ede n fouye zo nan kalalou yon koleksyon konsèp ki enpòtan nan vokabilè kreyòl la. Depi lè ansyen yo kòmanse antre an kontak ak blan ewopeyen yo, lang kreyòl la vin ede yo entèprete pawòl otorite leta yo yon fason pou yo rive chape kò yo ak lespri yo an ba dominasyon kolonyal jis yo rive mèt tèt yo nan lakou kote tout moun se moun. Se pou sa nou pral fouye zo nan kalalou vokabilè kreyòl la. Pami konsèp sa yo nou pral analize nan twòkèt yo, n ap jwenn : « abitan », « malere », « nèg », « bosal », « blan », « ras », « moun », « kreyòl », « pouvwa », « leta », « kolon », « endepandans », « teknoloji », « klas mwayèn », « zanno kay òfèv », e latriye… Pawòl sa yo ak yon bann ak yon pakèt lòt ankò byen chita nan vokabilè kreyòl la e fòk nou byen analize yo, pandan n ap brase lide nan respè youn pou lòt, pou n rive konprann ki kalte moun nou ye. Ki donk, vreman vre, ti atik tou kout sa yo ansanm ak chita pale nan videyo ak Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) epi egzèsis nan koleksyon « Istwa lakou a » sou Platfòm MIT-Ayiti, tou sa se « twòkèt » la vre. Se nou menm, lektè yo, k ava pote chay la ki dèyè.
Pouvwa lakay
Jan nou negosye wout nou nan lavi aMwen pa ka sèmante mwen konn sa pouvwa ye lakay nou. Men, mwen kwè nou di ansanm kouman nou sèvi avè l. Nan lang nou, « lwa » ou byen « lalwa » se pa bagay ou gen pou w kwè ladan yo. Kit se lwa Ginen, kit se lalwa leta, ou sèvi avè yo. Kit se lwa « L. W. A. » (lwa Ginen) oubyen lwa « L. O. I. » (an franse, egal : lalwa), ou pa fè radyès ak yo. Ou pa fè lalwa, ni lalwa pa fè w. Ou pa ret avèk lwa yo, lwa yo pa ret avè w. Lalwa leta ak lwa Ginen gran moun, ou gran moun. Yo gwo nèg pase w. Ou fè respè tèt ou ; ou fè atansyon avè yo.
Negosyasyon an
Nèg ki responsab sèvis leta konsidere malere tankou po patat. E yo gen fòs pou fè l. Lè nou kabre yo, yo di n ap mawonnen. Yo pa chache konnen kouman nou ka mawonnen kon sa depi tan benmbo. Kòmanse nan kasik Anri, pase nan boukanye ak flibistye, Makandal, jis rive 1791 – 1804, si nou te yon bann poul mouye, blan pa ta depanse tout kòb sa a pou l voye papa lame konbat nou. Lè nou fin rele chalbari dèyè blan angle, blan panyòl ak blan franse, fòs nou rive sèt wotè ; li egal fòs yo tout met ansanm, avèk o mwen yon solda an plis, paske nou kale yo tout.
Pwojè leta : eskandal piblik
Blan gen pouvwa. Men, pou ki sa li ka bat yon moun li rele « esklav », jis tan li touye l, alòs ke li p ap estwopye yon bourik ki pa vle bwè dlo ? Paske li konnen se volonte nèg la li gen pou l kraze. Volonte malere ak volonte leta sot nan de (2) sous diferan. Men sa m wè:
Leta modèn, leta blan an, sèvi ak endividi. Li detache yo nan kominote yo epi li òganize yo rasyonèlman, mete yo tankou pwodui machandiz. Li gen plis fòs pase pil endividi pitimi san gadò l ap kòmande yo : li gen plis pouvwa pase yo. Nan kad pouvwa li, li bay endividi yo kèk eleman pou negosye. Men, li rete ak lide se endividi ki kanpe devan l ; se li ki ba yo dwa ak kote pou yo negosye. Kit se boukanye, 36 mwa oubyen esklav pou lavi , leta enpoze lòd ki nan lide l — pou l kraze yo.
Jan nou viv lavi a
Men, leta pa wè se pa endividi ki fè yon sosyete. Yon sosyete se yon makonn kominote ; e se kominote ki fè endividi a ; kominote se gadò endividi. Kominote a bay moun egzistans, li ba yo dwa ansanm ak volonte pou defann dwa yo. E se sou baz dwa moun lalwa kale. Lalwa pa bay dwa, li rekonèt dwa. Se kominote kote w soti a k ap ba w fòs ak dwa pou w reklame sa lasosyete dwe w. Pa gen leta ki ka efase sa.
Kousikui
Lè leta fèmen tout pòt pou kominote malere yo negosye, li kreye kondisyon pou yon lòt pouvwa devlope an ba nen l. Si kominote sa yo (depi ti lakou sou plantasyon yo, rive nan gran lakou, rive nan doko yo, an pasan pa bann mawon ki gaye nan rak bwa), si y al makònen pou ba w yon nasyon, pa gen anyen ki pou fè leta al louvri pòt nasyon sa a. Li gen pou l negosye ak nasyon an, pase gen yon lòt pouvwa ki kale.
Reyalite a
Endividi travay nan leta pou yo fè kòb pou yo viv. Nan tèt pa nou, kòm se kominote yo ki fè endividi yo (egal : se pa endividi ki fè kominote), prensip kominote yo, se ranfòse tèt yo pou moun ladan yo ka viv alèz ak ti sa yo genyen an. Se relasyon ant moun ki nan kominote a ki bay nannan kominote a. Se pa kantite kòb yon moun ranmase ki fè l moun, ki ba l fòs. Kòb pa antre nan simityè. Moun nan yon kominote travay pou fanmi yo kontan viv avè yo —pou lè yo pa la, lè yo mouri, moun ka sonje yo. Se tout. Nèg k ap ranmase kòb pil sou pil, gen pou kite l pou lè zengra tout jan…
Lè blan panyòl oubyen franse oubyen meriken debake, yo jwenn kominote ki te deja òganize isit la. Blan yo pa konsidere kominote sa yo tankou kominote gran moun. Se blan yo ki souvren, ki vle di se yo ki bay « kolon », « afranchi », « esklav », « sitwayen », lè yo vle. Men, si moun sa yo ki swadizan pa moun, ale wè pou yo ta gran moun, vin monte yon lòt nasyon ak pèp souvren pa li k ap kale, epi ke yon lòt souvren ap kolonize, enbyen, se lè sa a nou antre nan sistèm kolonyalis la — nou pa nan kolonizasyon ankò.
Gen de (2) fòs fas a fas, lontan anvan lese frape a kòmanse. Se fòs nasyon an k ap boujonnen e se pou sa leta kolonyalis toujou bezwen zam, lame, lame ekspedisyonè, marechose, milisyen, e atriye, pou enpoze lòd li. Leta debake ak yon pouvwa ki depaman ak pouvwa moun l ap sele yo.
Pouvwa malere
Si leta vle fè kòm si li pa wè ras gran moun sa yo, se dwa li. Nou menm, apre nou pran konsyans fòs nou gen an ba chal, jenerasyon k ap vini an gen pou kodifye fòs sa a, epi kontwole l sistematikman. Se kominote yo ki fè nasyon an. Nasyon an egziste anvan « leta endepandan », li pi gran moun pase l. Tout fòs nasyon an, tout fòs peyi a, se nan kominote yo li rete. Leta ak kominote entènasyonal la mèt fese kò yo atè, fòk yo pale ak kominote lokal yo. Kominote yo pa ti moun leta, leta pa ka ba yo lòd, ni dwa.
Pèp souvren pa fondasyonn leta lakay. Leta lakay bati sou kominote entènasyonal la ki gen pou l toke kòn ni kan menm avèk kominote lokal yo, nenpòt jan sa ye. Sinon, blan an ap jwe toupi nan labou. Mawonay ap fatige l, jis li las. Depi 1915, grangou ap touye nou, e nou la toujou.