Yon mango pou Gran Papa se istwa yon lanmou ki makonnen yon Gran Papa ak pitit pitit li. Emosyon ki nan tèks Caroline Hudicourt ak atizay Ismer Saincilus fè nou viv bèlte nan afeksyon ki simante grandèt ak ti moun k ap viv nan yon kay ak bèl jaden — yon kay kote youn ap ede lòt tout jan yo kapab. Epi tou liv sa a pataje kèk tradisyon enpòtan nan kilti peyi d Ayiti, soti nan jan nou renmen manje mango rive nan jan nou selebre memwa zansèt nou yo apre yo travèse nan peyi san chapo. Vreman vre, Gran Papa gen rezon lè l te di kon sa : « Pa gen yon peyi sou latè ou ka jwenn mango ki pi bon pase sa yo ! »
Caroline Hudicourt se yon edikatè ki manje anpil mango nan vi l e ki te monte pye mango rèd lè l te piti. Li te pran yon Lisans nan edikasyon (nan Goshen College an 1986) epi yon Metriz nan teknoloji pou edikasyon (nan Harvard Graduate School of Education an 1990). Caroline ap goumen pou amelyorasyon edikasyon ann Ayiti kòm direktè COSPE (Consortium des Organisations du Secteur Privé de l’Éducation). COSPE se yon platfòm ki reyini reprezantan plizyè gwo òganizasyon k ap travay nan domèn edikasyon ann Ayiti. Caroline te anseye kreyòl oz Etazini nan pwogram bileng kreyòl/angle nan Cambridge, Massachussetts. Li anseye angle ak franse nan tout nivo nan nan plizyè lekòl ann Ayiti. Youn nan lekòl kote l anseye se École Acacia ke li te fonde ak sè li, Dominique Hudicourt Riboul. Kòm konsiltan pou AIR (American Institute of Research) an kolaborasyon ak MENFP (Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl), li te pran responsablite yon ekip ki t ap travay sou yon metòd lekti kreyòl ak franse pou 3èm ane fondamantal (M ap li nèt ale ; M ap pale franse nèt ale). Kòm konsiltan pou Tipa Tipa (International Step by Step), li te angaje tèt li nan fòmasyon pwofesè. Kòm pwofesè nan Université Quisqueya, li anseye teknik pou entegrasyon teknoloji nan edikasyon. Mete sou Yon mango pou Gran Papa, Caroline pibliye atik ak liv sou edikasyon, tankou :
1. Ala yon bèl timoun (yon metòd lekti an kreyòl pou timoun)
2. La problématique du Créole à l’école; une manifestation d’insécurité au niveau identitaire.
Ismer Saincilus te fèt 21 desanm 1981 nan Ti Rivyè Latibonit ki se youn nan zòn ki pi rich nan istwa l ak kilti l. Se la, nan dat 24 mas 1802, batay Krèt a Pyewo a te fèt epi se la Wa Henri Christophe te bati Palè 365 Pòt la. Papa Ismer se Ismael Saincilus (fevriye 1940 — fevriye 2000) ki te yon atis pent e ki se youn nan pi gran jeni Depatman Latibonit te janm bay. Manman Ismer se atizan ak chèf kwizin kreyòl. Se depi Ismer te tou piti, li menm ansanm ak tout frè l yo te koumanse aprann fè penti ak papa l. Ismer fè ni etid primè l ni etid segondè l nan Ti Rivyè Latibonit. Aprè lanmò papa l, tout moun te vin wè joumou pa janm donnen kalbas. Nan penti, Ismer gen kapasite pou l transfòme enposib pou fè l posib. Otè Bernard Diederich te rele l « Mister Chairman » pou bèlte chèz li fè yo. Travay atistik li gaye nan anpil peyi. Li renmen mizik anpil tou ; li se yon chantè ki plen fanatik nan kominote l. Kounye a l ap travay ak frè l yo sou yon pwojè lekòl penti, pou yo toujou kenbe eritaj sakre yo te resevwa nan men papa yo.
Plan leson pou liv Yon mango pou Gran Papa
Tit leson an : Anbranchman jeneyalojik
Se Laissa Moïse ak Jemima Morinvil ki ekri plan leson sa a
Deskripsyon :
Nan leson sa a, elèv yo pral trase istwa fanmi yo soti depi sou gran gran paran yo, yon fason pou yo konnen kote rasin fanmi an soti epi pou yo rive apresye eritaj zansèt yo.
Objektif :
Nan fen leson sa a, elèv yo pral kapab :
- Trase istwa fanmi yo epi konnen kèk detay sou biyografi gran gran paran ak gran paran yo — tankou non yo, kote yo te fèt e ki metye yo te genyen.
- Aprann e konprann mo ki sèvi pou esplike relasyon ki egziste ant chak manm nan yon fanmi — tankou « manman » ak « papa » , « madanm » ak « mari », « sè » ak « frè », « matant » ak « tonton », « kouzen » ak « kouzin », e latriye.
- Desinen epi ranpli yon anbranchman jeneyalojik.
Aktivite pou ti moun yo :
Desinen yon anbranchman jeneyalojik ki gen espas pou w mete relasyon ki egziste ant chak manm nan fanmi an. Prepare yon dokiman ki gen tout enfòmasyon ou genyen sou relasyon ant chak manm nan fanmi an. Ekri yon lèt voye bay paran yo avan dat pwojè a rive — yon fason pou paran yo ka ede ti moun yo ak devwa a. Sa t ap bèl nèt si ti moun yo te ka ajoute foto chak moun ki nan anbranchman jeneyalojik la.
Aktivite pou anseyan yo :
- Esplike elèv yo ki sa ki yon anbranchman jeneyalojik.
- Ba yo egzanp yon anbranchman. Fè yo pale sou relasyon ki genyen pami moun nan yon menm fanmi.
- Distribye fèy papye blanch nan klas la epi mande elèv yo desinen yon pye mango pou yo ka mete non fanmi yo ladan.
- Chak elèv ap ekri yon ti istwa pou yo pale de yon moun ki espesyal pou yo nan fanmi an ak rezon ki fè moun sa a enpòtan.
- Mande chak elèv pou yo ekri de twa paragraf ki pale de istwa fanmi yo.
- Egzanp anbranchman jeneyalojik: Sèvi ak chak mango kòm espas pou w mete non pa w ak non moun ki nan fanmi w ladan ; kon sa branch nan pye mango a ap tou vin reprezante relasyon ki egziste pami moun sa yo ki nan fanmi w . Epi tou, an n sonje gen ti moun ki grandi e ki jwenn lanmou nan divès modèl fanmi ki diferan de kad tradisyonèl la. Ki vle di : fanmi ti moun sa yo ap gen anbranchman jeneyalojik ki pa menm ak egzanp anbranchman ki nan imaj ki an ba la a. Nan anbranchman jeneyalojik pou fanmi sa yo, yon ti moun ka gen yon (1) grenn paran ke l rekonèt oswa li ka gen plis pase de (2) paran. Epi gen ti moun ki ka jwenn lanmou ak laswenyay nan men moun ki pa ni « papa », ni « manman » nan sans tradisyonèl la. Ki donk, nou ka mande ti moun yo pou yo modifye pye mango ki nan imaj la e pou yo kreye modèl fanmi ki pi matche ak sa yo viv nan lavi tou lè jou pa yo. Egzanp sa yo ava montre se lanmou ki kreye fanmi.
Remak